Fin du mandat du Conseil Présidentiel de Transition le 7 février : vers une nouvelle proposition de sortie de crise. - ExplosionInfo

ExplosionInfo

Le Réseau de l'Information dans le département du Nord-Est d'Haiti.

Post Top Ad

Fin du mandat du Conseil Présidentiel de Transition le 7 février : vers une nouvelle proposition de sortie de crise.

Share This

Depi aprè asasina trajik ansyen prezidan Jovenel Moïse, 7 jiyè 2021 pase a, Ayiti ap fè fas ak yon kriz enstitisyonèl e politik san parèy, sa ki vin agrave sitiyasyon sekiritè peyi a epi anpire kondisyon vi popilasyon an plis toujou.



            Sa kap pase nan peyi a depi sou pouvwa premye minis Ariël Henry  kite genyon pouvwa totalitè nan men'l pou rive sou pwopozisyon Karikòm anba lidèchip grann pwisans etranjè yo kita pral vin bay peyi a yon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon 9 manb ki sòti klas politik la, lage peyi a ak tout pèp la nan plis katchouboumbe toujou. Kote vin gen plis pwoblèm, sitiyasyon sekiritè a detèryore, plis teritwa vin sou kontwòl bandi ame yo, plis moun oblije kouri kite kay yo, sitiyasyon  ekonomik popilasyon vini plis ogmante san konte batay pou plis pouvwa nan mitan klas politik la e menm anndan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.

          Pa rapò ak tout kriz sa yo pèsonn pa bezwen linèt eli pa yon sekrè polichinèl tou pou tout moun konstate, wè e konpwann nan ki nivo delikesans total peyi a tonbe. Sou baz sa, pou anpeche peyi a efondre nèt nou dwe reflechi epi adopte metòd kap pi bon an. Nan sans sa plizyè senaryo kapab prezante tankou: 
 
1- Premye senaryo). 
Ale nan lakou Kasasyon, nan lespri Konstitisyon 29 mas 1987 kipa amande a, atik 149 la montre aklè lè gen vid enstitisyonèl sa yo, prezidan peyi a dwe sòti nan lakou Kasasyon. Tandiske, Konstitisyon 29 mas 1987 vèsyon amande a prevwa yon lòt altènativ, nan atik 149 modifye a li prevwa se Konsèy minis  yo, sou prezidans premye minis la kap egzèse pouvwa egzekitif la. Donk, vin genyon kontradiksyon Konstitisyonèl ki poze nan ka sa.
Anplis kontestasyon ki genyen sou jij lakou Kasasyon yo pa rapò ak jan yo te envesti lakou a, sa vin poze yon pwoblèm sou lejitimite pou opsyon ale nan Kasasyon an.

 2-Dezyèm Senaryo)
Se Klas politik la, anpil moun renmen di zafè politik se politisyen ki jere'l, pou klas politik la nan yon kontèks osi frajil konsa opsyon pou gouvènans peyi a ta retonbe anba men klas politik la se ta va pi move chwa a. Gen plizyè rezon ki demontre sa:
a) lè nou konsidere chwa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon 9 tèt la sete reprezantasyon klas politik la, donk lè nou konstate echèk KPT a se klas politik la ki echwe nan misyon yo te genyen antre yo atravè akò 3 avril 2024 la.
b) Yo pa rive etabli sekirite nan peyi a, sou pouvwa klas politik la plis teritwa pèdi, gang yo vin plis pwisan, plis moun viktim, lavi chè ak la mizè vin plis ogmante, pa menm yon sèl aks routye pa rive libere, okontrè vin gen plis pòs peyaj ke avan. 
c) Yo paka menm rive abouti ak pwosesis referandòm nan malgre kantite lajan yo depanse pou sa, yo pa rive fè eleksyon nan peyi a menm pou azèk ak delege vil yo. Sou pwen sa, atravè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an klas politik la echwe. 
            Lè nou konsidere nesesite pou peyi a retounen nan lòd Konstitisyonèl ak demekratik li se atravè eleksyon, li pa nòmal pou se klas politik la ki reprann rèy leta a sa ap koz toujou gen kontestasyon e sa pral kreye plis enstabilite pou reyalize eleksyon e menm aprè eleksyon, donk kriz la pral plis anvenime. Ak klas politik la nan yon lòt tranzisyon se pral plis koripsyon ak gaspiyay nan trezò piblik la, chak pati ki pral nan eleksyon pral bezwen fè gwo lajan pou finanse kanpay elekoral yo a tou pri, se pral yon veritab pataj gato. Egzanp: dwan pwovens ak manm KPT a.
Pou tout rezon sa yo ak lòt ankò opsyon klas politik la o pouvwa aprè 7 fevriye se lage peyi a  nan plis kriz ak enstabilite.

3- Twazyèm Senaryo)
Pliske depi sou prezidans Jovenel Moïse paleman an kise pouvwa kontwòl peyi a kadik, nou vin pagen lòt chwa kise ale nan lòt enstitisyon etatik ki mwens konteste yo e ki toujou jwe wòl kontwòl ke yo genyen atravè misyon yo. Lè nou byen chèche e reflechi sou kontèks aktyèl la nou reyalize gen kèk enstitisyon kise rezèv poumon moral peyi a, si tout bagay pa fini nèt ak modèl dirijan klas politik la ap bay nan tèt peyi a, se paske enstitisyon sa yo gade dimansyon moral yo ak misyon ki konfye ak yo. Pami enstitisyon sa yo gen 2 ki ka bay Ayiti yon bon kout men pou remete peyi a sou ray demokratî e Konstitisyonèl e retabli ti moso estabilite si tout bon nou vle rale yon souf. 
2 enstitisyon sa yo nan dènye deseni ki sot pase la yo ede peyi a anpil , san yo ti rès la tap fini nèt. Donk, Lakou Siperyè Dèkont ak Inite Kap Lite Kont Koripsyon (ULCC) se 2 meyè enstitisyon ki ka ede nou jere yon tranzisyon 2 zan pou remete peyi a nan nòmalite'l.

              Pou Kou Siperyè Dèkont, depi sou administration Jovenel Moïse la ap batay atravè wòl li pou pouvwa politik la pa gaspiye lajan peyi a nan yon  bann kontra malatchong ak anba tab, pase pran pouvwa Ariël Henry a pou rive jis sou pouvwa manm KPT yo. Donk, gen prezidan konsèy Kou Dèkont la Mèt Rogavil Boisguéné, pou kouraj li, karaktè li, travay li ak rès manm konsèy la, eksperyans li nan administration piblik la ap yon trè bon chwa nan yon egzekitif a 2 tèt pou tranzisyon an.

            Pou Inite kap Lite Kont Koripsyon an (ULCC), atravè lalwa 12 mas 2014 la sou prevansyon ak represyon nan peyi a. Lè nou konnen sa koripsyon fè peyi a, koripsyon an kise yon grangrèn pou Ayiti, lè nou konsidere kantite travay jèn enstitisyon sa gentan reyalize nan kad misyon li sou zafè koripsyon. Lè nou konsidere 114 rapò ankèt ki defere devan lajistis sou ka koripsyon ULCC pwodwi e majorite nan rapò sa yo pwodwi avèk arive Mèt Hans Jacques Ludwig JOSEPH kòm direktè jeneral enstitisyon an, sou lidèchip Mèt Hans sèlman ULCC pwodwi 68 rapò ankèt sa ki reprezante 59,6% nan 114 rapò ankèt ke enstitisyon an rive pwodwi sou dilapidatè, koriptè ak kòwonpi kap dilapide kès leta a. Donk, genyon Mèt Hans Jacques Ludwig JOSEPH nan yon egzekitif a 2 tèt pou yon tranzisyon 2 zan ap yon trè bon chwa.


Kòm pwopozisyon, lap trè konvenab pou garanti stabilite politik la, sekiritè a ak reyalizasyon eleksyon kredib nan peyi a poun ta fè chwa ak sipò kominote entènasyonal la, kòm nou pajanm ka fè anyen san yo, Mèt Hans Jacques Ludwig JOSEPH kòm prezidan e Mèt Rogavil Boisguéné kòm premye minis pou yon tranzisyon 2 lane kap repati konsa: 
a) 12 mwa pou retabli sekirite nan tout peyi a an patikilye depatman ki plis touche pa fenomèn banditiz la, ak lòt enfrastrikti nesesè yo epi finalize pwosesis referandòm nan.

b) 6 mwa pou preparatif eleksyon yo ak tout lòt mizanplas enpòtan yo, enskripsyon patisipan yo, bay tout mwayen nesesè ak Konsèy Elekoral Provizwa a (KEP a).

c) 6 dènye mwa yo ap repati konsa, 3 mwa kanpay kandida yo, premye tou eleksyon yo dènye dimanch nan 3èm mwa nan 3 mwa kanpay la.
1 mwa pou rezilta yo ak kontestasyon yo.
2 lòt mwa yo, kanpay pou 2èm tou eleksyon yo ak rezilta final yo.

Pou ke 7 fevriye 2028 prochen peyi a leve ak nouvo dirijan lejitim e Konstitisyonèl, konsa Ayiti va tounen sou ray demekratik li e Konstitisyonèl, konsa nou va di ak yon sèl vwa. Viv Ayiti !  Viv demokrasi!

Ke Bondje ak tout lòt fòs pozitif lanati beni pèp ayisyen an, beni Ayiti.

Propoze pa Jean Rony Augustin jounalis, jiris!

ExplosionInfo Médias Actualités 

TRADUIRE

Post Bottom Ad

Pages