Conflit terrien à Ouanaminthe/Dosmond : Selon l’Etat Central, c’est la famille Mémé François/Delmyr qui a droit sur ce terrain à Lagon Fagal. - ExplosionInfo

ExplosionInfo

Le Réseau de l'Information dans le département du Nord-Est d'Haiti.

Post Top Ad

Conflit terrien à Ouanaminthe/Dosmond : Selon l’Etat Central, c’est la famille Mémé François/Delmyr qui a droit sur ce terrain à Lagon Fagal.

Share This
Conflit terrien à Ouanaminthe/Dosmond
Selon l’Etat Central, c’est la famille Mémé François/Delmyr qui a droit sur ce terrain à Lagon Fagal. Selon l’arpenteur, les actes d’arpentage de la famille Eugène Joseph Desanges sont des faux papiers rédigés après tromperie. Tous les autres actes sont faux. Deux jugements sont déjà rendus contre les occupants illégaux à Lagon Fagal/Dosmond. Le dossier est au cabinet d’instruction. Tous ceux qui ont les faux papiers seront poursuivis. Selon la famille Mémé François, elle occupe ce terrain depuis plus de 40 ans et ce n’est pas une colonie agricole. Par la violence, des hommes malhonnêtes ont accaparé ce terrain. Mais la justice a dit son mot.



Kòb ou deyò se vre. Men ou pran nan malfektè ak fo papye.
Sou dosye tè fanmi Eugène Joseph Desanges avek fanmi Mémé Francois
Men sa nou dwe konnen pou nou pa kite moun ap ba nou manti :
1. Tout papye tè fanmi Eugène Joseph Desanges gen nan men yo se fo papye.
2.     Ki moun ki di papye tè fanmi Eugène Joseph Desanges yo fo ? Repons : Se moun ki fè papye yo ki di yo fo. Apantè a di papye tout moun ki achte tè nan men fanmi Eugène Desanges yo fo. Paske papye fanmi Desanges yo fo. Se twonpe yo te twonpe apantè a. Moun ki reskonsab tè koloni Dosmon, ki se mesye Willy, deklare e siyen devan jij pa gen tras okenn tranzaksyon, pa gen vant/sesyon ki te fèt nan tè koloni Dosmon an ak mesye Desanges ak moun ki te jwenn tè sou Prezidan Vincent. Donk, papye Desanges genyen ki fè fanmi li ak pitit li tonbe vann tè a, se fo papye, papye manti.
3.     Eske gen jijman ak papye Leta santral nan Pòtoprens. R. Wi, jijman sòti deja. Tribinal kondane 2 fwa fanmi Desanges ak tout moun ki sou tè LAGON FAGAL YO. Leta Ayisyen pran pozisyon l’ deja.
4.     Leta depi Pòtoprens deklare, siyen  tè a se pa pou fanmi Desanges. Se pou fanmi Mémé François.
5.     Tout moun ki sou tè a ak fo papye yo gen pou jwenn arèstasyon yo paske fo papye se yon krim. Yo te di nou sa deja, lajistis pa konn prese. Li mache tankou bourik.
6.     Bati kay sou tè ki pa pou ou, se jwe bòlèt, pèdi tan. Lalwa di kay wap bati a se pou moun ki gen bon papye . Depi se tè Leta, men’m si ou te gen 100 tan sou li, li pap janm pou ou. Kay wap bati a pa pou ou. Tout depans wap fè nan kay ou a, se pou moun ki gen bon papye lap ye. Men’m si 20 tan te pase. Nan zafè tè Leta, pa gen 10 zan, ni 20 tan.
7.     Pa koute moun kap ba w’ manti. Si ou pa gen de je, chèche yon moun nan fanmi w’ pou kapab eklere w’. Pa koute moun kap ba w’ fo espwa. Louvri je w’. Ou fin achte yon tè, epi tout lajounen yap arete moun ki achte tè sa pou fo papye yo genyen. Epi ou kontinye ap koute moun kap di w’ : nap regle sa. Louvre je w’ tande paske: 2 jijman sòti deja. Fanmi Desanges pèdi tou de jijman sa yo. Louvri je w’ : apantè a di se fo papye ou genyen. Louvri je w !
8.     Kòb ou deyò. Ou pat’ konnen kou koken sa a. Se pa fòt ou. Poutan moun ki vann ou an pa ka ba ou lapè. Tout lajounen yap ba w’ manti, tout lajounen jijman ap kondane yo, tout lajounen arèstasyon ap fèt, tout lajounen yap voye foto moun nan jounal tankou kriminèl.
9.     Si ou vle konnen kiyès ki nan manti. Louvri je w’ ! Rele yon moun nan fanmi w’ ki ka wè klè. Pran papye tou de moun yo. Mete yo sou yon sèl tab. De je kontre, manti kaba.
10.  Pa bliye, bay jij kòb anba tab pa ka fè anyen pou ou. Gen moun ki bay kòb deja, yo nan cho pi rèd. Anplis, ou pa konnen kabinè ki nan dosye sa a pa janm nan manti, ni fè koken avèk pèpap. Avoka sa yo fe non yo déjà nan peyi a tankou lòt bo dlo. Anpil peyi mete chapo ba devan seryozite yo. Li dwat tankou yon « i ». Men’m si yon moun ap di tenten sou kabinè sa a,  yon ti tan ankò, li gen pou mande Kabinè sa a padon.  Pa bliye tout sa ki fèt  nan fè nwa, gen pou parèt aklè. Twou manti pa fon. Gen moun ki eseye touye avoka kap denonse manti sa yo, sa pa mache e yo wè sa ki rive yo. Paske dèyè mòn gen mòn. Si malgre jijman ap sòti, arestayon ap fèt, apantè deklare tout papye yo fo, epi moun kontinye a pran manti nan men fanmi Desanges, se ou men’m ki konnen. Malè avèti pa touye kokobe.

TRADUIRE

Post Bottom Ad

Pages