*Haiti/ Politique : Proposition de sortie de crise Accord politique global dit Accord Alliance - ExplosionInfo

ExplosionInfo

Le Réseau de l'Information dans le département du Nord-Est d'Haiti.

Post Top Ad

*Haiti/ Politique : Proposition de sortie de crise Accord politique global dit Accord Alliance

Share This


Komisyon Alyans ap salye Laprès Pale, Ekri, Televize ak Laprès an Liy yo pou
kokenn travay yap reyalize nan Sosyete Ayisyèn nan e sitou nan bay kontribisyon 
pa yo nan chache limyè pou Nasyon an. Chapo pou nou !
An mèm tan li voye senpati pou Moun Okap yo, Fanmi ak Zanmi Viktim yo ki sot touche nan de (2) dram ke l sot konnen la yo. 
Komisyon Alyans lan vi n prezante ak Nasyon Ayisyèn an e ak Kominote 
Entènasyonal la yon Akò Politik tipikman Ayisyen kote se Pitit Peyi a ak plizyè Pati 
Politik ki agreye nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a e Oganizasyon nan Sosyete Sivil 
la ki chita ansanm epi ki akouche Akò Enklizif sa ke nou rele Akò Politik Global ou 
Akò Alyans. Akò sa pran ankont reyalite Sosyal, Politik ak Ekonomik Peyi a ; e l
pote yon solisyon dirab nan kriz politik kap travèse Peyi a.
Ki donk, Akò Politik Global sa ou Akò Alyans lan vi n retire Peyi a nan bouyi vide 
ke l pran la e sitou pou evite l tonbe nan yon katyouboumbe politik avan e aprè 7 
Fevrye 2022. Dirije se prevwa, se pou sa Komisyon Alyans lan vi n mande pou tout
patryòt, pou tout Gwoup Politik ak Sosyete Sivil ki fè yon Pwopozisyon Soti Kriz ou 
Akò Politik pou kontinye pote kole ak li, menm jan plyzyè nan yo gentan chita ak 
Komisyon Alyans lan pou yon vizyon tèt ansanm pou n sove Nasyon nou an ki an 
danje.
Akò Politik Global sa ou Akò Alyans sa, pwopoze yon solisyon nan sans lakay nou, 
pandan nap chache rete piprè e nan lespri Konstitisyon Peyi a ou swivan tradisyon 
lakay nou. Se sak fè nou gen yon plan A ak yon Plan B. Nan sans sa, nou Pwopoze 
ak Nasyon an yon Konsey Nasyonal Gouvènman (KNG) ou Konsey Prezidansyèl ki 
pou dirije Peyi a 7 Fevrye 2022 kap vini la, KNG sa ap gen poul konpoze de tout
Akò Politik yo men fòk nou ajoute ladan-n yon Reprezantan Laprès ak yon Reprezantan


Konsey Nasyonal Gouvènman an ou Konsey Prezidansèl la ap konpoze konsa: 
 Reprezantan Akò 11 Septanm 2021 nan 
 Reprezantan Akò Alyans lan ou Akò Politik Global la
 Reprezantan Akò Montana a
 Reprezantan Akò PEN nan
 Reprezantan Akò CESOC la
 Reprezantan Akò pou la ri-a
 Reprezantan Akò Soley Leve a
 Reprezantan Akò Final de Vertière a
 Reprezantan Akò Mache pou Lavi
 Reprezantan La Près
 Reprezantan La Jenès
Fason sa ap pèmet nou rezoud kriz politik la nan lapè ak Kè poze paske tout Kouch 
Politik e Sosyal ap ladan-n tout bon vre, la vi ap reprann e malere ak malerez yo 
pral rale yon souf fwa sa. 
Akò Alyans sa ou Akò Politik Global sa mande se pou tout Inisyatè lot Akò Politik 
yo, pou yo travay ak tèt repoze men rapid ; Menm jan nou wè Akò Montana,
Akò Alyans lan ou Akò Politik Global la ak Akò CESOC la, ap fè-l la a, Se pou nou 
ka deziyen yon reprezantan ki pou ale nan Konsey Gouvènmantal la ou konsey 
Prezidansèl la ki pral Gouvène Peyi a 7 Fevrye 2022 kap vini la.
Akò Alyans lan ou Akò Politik Global la di ke l tap bon anpil pou ta deziyen 
reprezantan yo avan 31 Janvye kap vini la
Akò Alyans ou Akò Politik Global sa, pral pèmèt Gouvènman Tranzisyon an jwenn 
Kònsansis nesesè ak Konfyans Popilè pou yo ka jete baz pou anpil gran chantye 
tankou : Tabli bon jan sekirite, Konferans Nasyonal, Refè Konstitisyon Peyi a, 
Realize bon jan Eleksyon nan ane 2022 a pou retounen Peyi a nan vwa 
Konstitisyonèl li 7 Fevrye 2023, tabli bon jan eta de dwa ak anpil lòt ankò. Se pou 
tèt sa nou tou mete nan Dokiman Akò Politik Global la ou Akò Alyans lan yon 
Kalandrye Aktivite pou Ekzekitif la realize depi 7 Fevrye 2022 jis rive nan 7 Fevrye 
2023.
KNG sa pral pran kèk bon desizyon an favè Peyi-a ak an favè Pèp la, pou echape 
Nasyon an de tout danje, kòm soulèvman genaral, gè sivil e latry

Pou n reyalize kokènn chenn rèv sa, Komisyon Alyans lan ap kontinye chita ak 
chak branch Akò yo pou n planifye avni Peyi nou pandan nap monte ansanm 
yon Komisyon Mix ki pral travay poun reyalize pasifikman tranzisyon an. Paske li 
lè li tan pou Pèp la jwenn yon soulajman. Pa gen yon moun ki pou di kel pa
tande kri Pèp Ayisyen an kap rele : LI BOUKE, LI PA KAPAB ANKò !
Komisyon Alyans lan bay tèt li tout yon kantite Aktivite travay tankou : kontinye 
rankontre lòt Aktè Pollitik yo ak lòt Akò yo, rankont ak medya yo e ak kèk Patikilye 
epi nap voye rezilta travay sa yo ak avansman yo pou La Près ak Popilasyon an nan 
sa nap rele Bilten Près. Nan menm kad travay sa, Akò Alyans lan ou Akò Politik 
Global la ap gen pou l pwopoze ak Nasyon an e ak Ekzekitif la yon Plan Ekonomik 
e Finansye ki pou remete Nasyon Ayisyèn nan sou 2 pye l, Travay sa se Ekonomis 
nou Reveran Pastè Charles Yvon Castillon ak lòt Ekonomis yo kap potel pou nou. 
Lè nap gade danje ki anfas Nasyon Ayisyèn nan, Lè nap gade koman Konstitisyon 
Peyi a trase pou Nasyon an fonksyone, li pa Konstitisyonèl pou Peyi ap dirije ak 
yon Ekzekitif ak yon sèl tèt. Peyi a dwe genyen yon Prezidan ak yon Premye Minis
selon Atik 133 nan Konstitisyon Peyi a ki di Klè kou dlo kok « Pouvwa Ekzekitif la 
konpoze de :
1- Prezidan Repiblik lan, ki se Chef Leta a
2- Gouvènman an ki gen nan tèt li yon Premye Minis. 
Konstitisyon an bay Prezidan an travay pal e li bay Premye Minis lan travay pal apa 
yon n pa dwe monte sou travay lòt. 
Lèn gade zak Asasinay ki fèt sou Prezidan Jovenel MOISE nan lan nwit 6 - 7 Jiyè
2021 an e depi lè sa, Pèp la ap mande Jistis Pou Prezidan Jovenel MOISE e li dwe 
jwen n jistis, Nasyon an ak Fanmi l yo ap tan n sa.
Vid Prezidansyèl sa vi n agrave sitiyasyon Peyi a pi plis toujou ; kote tout 
Enstitisyon Repiblikèn yo ki tap déjà mal mache vi n nan plis difikilte pou yo 
fonksyone e repon n ak vokasyon yo ; sa vi n fè, tout fason ke Konstitisyon Peyi a 
te prevwa pou ranplase Prezidan Repiblik la pa ka aplike jodi a. 
Ki donk, sèl vwa ke Peyi a genyen se asepte yon Akò Politik Global, pou Tout Aktè
ladann pami tout Akò Politik ki genyen yo. Paske Ayiti se pou nou tout e se nou 
tout Pèp Ayisyen an ki gen Souverènte Nasyonal la nan men nou. Ki donk, se yon 
konsansis ki pou bay sa yo, e konsansis sa nou jwenn li andan Akò Alyans lan ou 
Akò Globa

Se nan Kontèks sa, Jounen jodiya nou jwen anpil Akò Politik ke de Gwoup moun
de bòn volonte ou de Pati Politik konsansye de bezwen Pèp Ayisyen an prepare 
pou pèmet Ayiti soti nan trou kotel tonbe a. Sepandan, Akò ki ka rive retire Ayiti 
nan sal ye la a, se yon Akö Enklizif, Global ak Tèt kole ki ka pèmèt nou genyen 
yon Konsey Nasyonal Gouvènman ou yon Konsey Prezidansyèl kap genyen yon 
Prezidan Provizwa ak Manm yo epi yon Premye Minis.
Enfen, Konsey Nasyonal Gouvènman an ou Konsey Prezidansyèl la ap gen yon 
Komisyon Kontròl ki ap la pou Kontrole Fonksyonman Gouvènman an. Men ki 
Sektè kap nan Komisyon Kontrol la :
1) Akò Politik Global sa ou Akò Alyans sa (1) Manm
2) Akò Montana a (1) Manm
3) Akò 11 Septanm nan (1) Manm
4) Akò PEN nan (1) Manm
5) Akò Mache pou lavi (1) Manm
6) Akò CESOC (1) Manm
7) Akò Soley Leve (1) Manm
8) Akò Final ou Akò Vètyè (1) Manm
9) Akò La Ri a (1) Manm
10) Asosyasyon Medya yo (1) Manm
11) La Jenès (1) Manm
12) Dyaspora Ayisyen an (1) Manm
13) Federasyon Bawo DAYTI (FBH) (1) Manm
14) Oganizasyon Fanm yo (1) Manm
15) Legliz Episkopal (1) Manm
16) Legliz Katolik (1) Manm
17) Federasyon Pwotestant DAYITI (1) Manm
18) Sektè Vodou Ayisyen an (1) Manm
19) Sektè Dwa Zimen (1) Manm
20) Sektè Peyizan (1) Manm
21) Sektè Popilè a (1) Manm
22) Sektè Sendikal yo (1) Manm
23) Sektè Andikape yo (1) Manm
24) Asosyasyon Ki Anrejistre nan MAST (1) Manm
25) Chanm Komès ak Endistri (1) Manm
Viv Ayiti pou toujou !


Pou Komisyon Alyans lan: 

Ekonomis Charles Yvon Castillon 
Pati PNDRH Prezidan

Kenz JEAN FRANÇOIS
Pati AC Vis Prezidan e Prezidan 

Komisyon Mobilizasyon
Evens Toussaint
Pati ROCH
Vis Prezidan Mobilizasyon et Prezidan Pwopagan n 
Jeannot Guerlin

Gwoup 51 Pati Politik yo
Konseye Politik e Strateji Politik
Denor Atus.

Platfòm Politik Koca
Konseye Politik e Strateji Politik

Agr Nono Pierre Paul
Mouvement National Dessalinien
Konseye Politik e Strateji Politik
Yvenson DESSOURCES
Pati FDH.

1er Sekretè
Bonny Dieudonné
Pati PLEH
Protokol e Relasyonis
Jean JEAN BAPTISTE
Fédération CROBRADS

TRADUIRE

Post Bottom Ad

Pages