Haiti /Société : L'émission (Moi, le maire)rend publique une lettre anonyme reçue des morts du cimetière de Ouanaminthe qui élèvent leur voix sur la situation critique du sanctuaire du dernier repos. - ExplosionInfo

ExplosionInfo

Le Réseau de l'Information dans le département du Nord-Est d'Haiti.

Post Top Ad

Haiti /Société : L'émission (Moi, le maire)rend publique une lettre anonyme reçue des morts du cimetière de Ouanaminthe qui élèvent leur voix sur la situation critique du sanctuaire du dernier repos.

Share This
        Par : Delmyr Germenson 




Lèt tou louvri pou emisyon 《Moi, le maire》

Simityè Wanament
23 desanm 2021

Mwen se yon mò. Mwen mouri nan dat ki se 19 dawout 2021. Mwen antere 27 dawout 2021. Mwen sonje tout lojistik ki te fèt depi jou mwen rann dènye souf mwen pou rive jou antèman mwen.

Mwen tap viv sou tè sa menm jan avèk ou. Mwen te konn patisipe nan fineray anpil pwòch mwen. Mwen pat janm konnen reyalite mò yo. Tankou anpil moun, mwen te toujou ap repete pawòl ki di mò yo nan verite. Men pat janm genyen yon mò ki janm vin dim kijan simityè a ye. Jodi a mwen se mò. Mwen nan verite jan vivan yo ta di sa. Men, mwen pa ka di mwen nan repo.

Jou ki te 19 dawout 2021 la, mwen te tande anpil rèl. Timoun tankou granmoun, fanmiy, zanmi, vwazinaj, tout moun se men nan bouch. Gwo dezolasyon te plane nan kè yo. Men mwen te blije ale paske pòt simityè a te deja gran louvri pou mwen.

Pou montre kijan mwen te chè pou yo e pou manifeste respè yo pou mwen, fanmiy nan mete m nan mòg, achte bèl sèkèy, bèl kouwòn. Yo fè bèl rad nwa, yo rele sa dèy. Yo fè vèy tout lannuit nan memwa mwen. Jou ki 27 dawout la, yo benyen m, penyen m, mete bèl rad sou mwen, mete m nan bèl sèkèy yo te achte a epi mete m nan yon bèl kòbya pou al depoze m legliz. Lè twazè rive, seremoni an kòmanse: bèl chante, anpil rèl, gwo diskou, temwanyaj..... Men mwen ale kannmenm.

Lèm rive nan simityè, mwen mande poukisa fanmiy mwen te fè tout depans lajan ak enèji sa. Kote yo mete m nan fèm pèdi tout diyite m.
Men reyalite a: chak jou preske mò ap vini. Anpil fwa se 3, 4, 6 10 nan menm jou a osinon nan menm semenn nan. Pa genyen anpil kavo. Anpil fwa, kò nou pa gentan fin pouri men yo blije retire vye kò a pou mete lòt. Anpil fwa, kò nou pa gentan fè 3 mwa nan kavo. Se retire epi boule kò nou. Se ak dlo nan je m ap asiste sèn sa yo.

Si nou te gen pouvwa antanke mò, nou ta defann dwa nou. Menm apre lanmò nou, lalwa rekonèt dwa nou. Men depi fanmiy nou fin lage nou nan tonbo, anndan ti vilaj tou kwense sa, nou pa gen valè ankò. M ap mande poukisa lameri pa genyen yon politik pou simityè yo? Èske moun sa yo panse yo pa p mouri osinon yo konnen yo pa p antere nan simityè piblik? Mwen tande vivan yo ap di 《Moi, le maire》, si nou te ka majistra nou t ap byen administre simityè yo paske se lakay nou.

Mezanmi, simityè yo pa trase. Kavo yo konstwi an dezòd. Anndan an gen move sant. Genlè vivan yo pa pran sant lan lè yo vini nan antèman? Nou mande pou Wanament genyen 2 lòt simityè ankò: youn nan zòn Gaya, youn bò baja; agrandi ak klotire simityè Dilè ak simityé Dosmon; repanse simityè Wanament lan.

Tanpri, 《Moi, le maire》, fè mesaj sa pase pou mwen. Konsa lè w va mouri, nanm ou va repoze anpè.
Mwen konte sou bòn fwa ou.

TRADUIRE

Post Bottom Ad

Pages