La vérité derrière le progrès économique des Haïtiens vivant à l'étranger - ExplosionInfo

ExplosionInfo

Le Réseau de l'Information dans le département du Nord-Est d'Haiti.

Post Top Ad

La vérité derrière le progrès économique des Haïtiens vivant à l'étranger

Share This
La vérité derrière le progrès économique des Haïtiens vivant à l'étranger.
Yon tèks ki ekri pa Thony Desauguste.

Kap-Ayisyen, 31 dawou 2023

Gen anpil ayisyen ki fè anpil progrè ekonomik lè yo kite peyi Dayiti pou yo al viv aletranje. Yon moun pa bezwen yon expè pou li ka wè ke anpil ayisyen ki kite Ayiti pou al viv aletranje vin gen anpil byen materyèl tankou kay ak machin. Sa vin kreye yon sòt insitasyon pou tout moun eseye chemin sa tou. Men kisa ki pèmèt ayisyen fè tout progrè sa yo aletranje? Se kesyon nou pral eseye reponn.

E byen zanmi mwen yo premye bagay la, se yon konpòtman ke yo fè konpatriyòt nou yo adòpte ke yo vle ke yo pa vle. E byen lè yon ayisyen rive aletranje premye bagay li aprann se ke nan peyi etranje tankou Etazini fòk li gen lajan pou li viv. Dezièm bagay li aprann se ke li dwe retire konplèx sou li. Twazièm bagay li aprann se ke moun kap viv aletranje mwens toleran ke moun kap viv an Ayiti. Katrièm bagay, yo fè li kwè ke se aletranje bonè a ye. Kidonk ak kat leson sa yo melanje ak infwastrikti de baz ki genyen nan peyi dakèy la, progrè konpatriyòt nou yo koumanse.

Pou ekri tèks sa, mwen pran dezan pou mwen diskite ak plizyè zanmi mwen ki fè progrè ekonomik aletranje ak plizyè nan zanmi mwen ki fè progrè ekonomik an Ayiti. Li pa yon sekrè pou pèsonn ke lavi an Ayiti difisil anpil men li vin pi difisil lè konpatriyòt nou yo konpòte yo negativman.

Exsèpte ayisyen ki fè lajan nan volè nan leta ak moun kap fè komès nan fè méchanste, nan fè mache nwa; tout ayisyen ki fè progrè ekonomik an Ayiti kwè ke moun ka viv Ayiti e yo pa konplèxse. Gen plizyè zanmi mwen kite profesè lekòl Ayiti ki pat janm gen lajan, lè yo vin deside kite Ayiti pou al viv o Etazini pa ekzanp yo vin fè anpil progrè ekonomik men pou anpil nan yo se pa lekòl yo al fè aletranje. Anpil nan yo retire konplèx sou yo, yo deside fè tout travay yo patap janm fè Ayiti tankou fè taxi, fè sekirite elatriye. Akoz yo fè  yo retire konplèx sou yo, yo aprann yo ke san lajan moun paka viv, yo foure nan tèt yo ke yo nan yon tè beni, yo fè yo aprann ke madanm yo pap pè mete rad yo deyò si yo pap travay, manman pap pè mete pitit deyò ki pa vle al travay pou patisipe nan peye kay. Yo tout oblije konfòme yo.

Li trè ra an Ayiti pou ou ta wè yon jèn ayisyen ki fin fè etid inivèsite li epi se nan yon rèstauran lap travay ou byen pandan li etidyan li al travay nan jadin chak aprè midi. Gen anpil moun ki di ke Ayiti pa gen travay, men mwen li mwen di nou pa vle kreye travay Ayiti e si yon moun deside kreye travay nan peyi a moun sa riske nan difikilte pou trouve travayè. Premye rezon ki fè li ka pa trouve travayè se paske salè a ka ba, dezièm rezon an se konplèx dinferyorite ou de siperyorite kap ravaje sosyete a twazièm rezon an zye prèske tout ayisyen fixe sou letranje. 

Mezanmi an sispann kwè ke nou paka fè anyen an Ayiti. Ann retire konplèx sou nou, ann patisipe nan sa kap fèt nan peyi nou. Pa kite moun kap fè nou kwè ke bonè a se aletranje li ye. Pa néglije enfòme pou nou konnen kijan peyi étranje fonksyone pou nou pa pran sipriz aprè nou fin vann tout sa nou prosede pou nou pati kite peyi a epi nou regrèt. 

Sa pou tout konpatriyòt mwen dwe konnen, yon moun ka fè progrè ekonomik ninpòk kote men gen teren ki pi difisil ke lòt, gen teren ke yo gentan retire pikan ladann avan menm nou vini, se pa paske li pat gen. Exzanp  Kanada, Etazini. Tout peyi ki progrese se travay di ki fè yo progrese, se angajeman ki fè li ale lwen, se pa nan pale anpil, blòf ak mansonj ki fè li avanse sou chimen progrè.





Explosioninfo Medias/Actualités

Thony Desauguste 
dthonyfile@yahoo.fr

TRADUIRE

Post Bottom Ad

Pages