Haiti/Politique : Le regroupement des partis politiques « ANSANM » plaide pour un exécutif bicéphale et met une solution sur la table. - ExplosionInfo

ExplosionInfo

Le Réseau de l'Information dans le département du Nord-Est d'Haiti.

Post Top Ad

Haiti/Politique : Le regroupement des partis politiques « ANSANM » plaide pour un exécutif bicéphale et met une solution sur la table.

Share This



Le regroupement des partis politiques « ANSANM » plaide pour un exécutif bicéphale et met une solution sur la table.


Nan yon not yo mete deyò vendredi 23 fevrier 2024---
ANSANM Denonse enjerans kominote entènasyonal la ki deklare san respè pou pèp Ayisyen an « P’ap gen yon tranzisyon anndan yon tranzisyon » sa ki se yon mank respè nan fason y’ap antreprann relasyon y oak nou ki fè nou konprann se yo k’ap tire fisèl kriz la.

Y’ap mache sou kapasite nou, diyite nou, dwa poun deside sa k’ap bon pou pwòp peyi nou. Kominote entènasyonal la anpeche nou jwenn yon solisyon SANPOUSAN Ayisyen.
ANSANM Denonse pratik demokratik, prensip ak konvansyon ki siyen kont enjerans lot peyi na zafè yon lòt. Gouvèneman ameriken an itilise  KÒ GWOUP, KARIKÒM, OEA, pou pyetine tout efò ki vize yon soti san vyolans. Yo pèsiste, Sipote, ankouraje yon gouvènans illegal ak ilejitim nan tèt peyi a jiska prezan, sou pretèks pa gen fòmil pou mete yon Prezidan. ANSANM ap di yo fòmil lan se volonte pèp Ayisyen an ki se sèl souveren nan destenl.


ANSANM deside fè yon rèl nan zòrèy kominote entènasyonal la poun de yo nou konprann jwèt woulem debò sa a, Ipokrizi sa a. ANSANM lage tout malè peyi a ap fè fas sou do Etazini, Kanada ak Lafrans.


Jodi a Ayisyen di wi pou yon egzekitif BISEFAL ke entènasyonal la dwe respekte. « Nou nan Koperasyon nou pa nan soumisyon ».
ANSANM an kalite devangad ap bouske konsansis lajman laj sou youn nan Ayisyen sa yo :

1)               Walsonn Sanon
2)               Fritz Alphonse Jean
3)               Jean Ernest Muscadin  
Nou kwè youn nan Pèsonaj sa yo kapab asire egzekitif la
ANSANM ap dyaloge ak tout fòt sektè ayisyen yo, san ekseption. Pou Ayiti soti nan twou kotel twouvel la Fòk tout moun enplike :

Legliz, Vodouyizan, Atis, Pwofesyonèl, Inivèsite, Doktè, Pastè, Prèt katolik, Jounalis, Patwon medya yo, Politisyen Ayisyen, Avoka, Jip, Polisye, Dyaspora yo elatriye.

ANSANM egzije kominote entènasyonal la obligasyon yo genyen pou respekte dwa pèp ayisyen an, yo dwe konprann, y opa dwe kontinye angaje yo nan soufrans pèp ayisyen an k’ap bouke lespwa ak lavi miyò pou chak grenn pitit peyi a k’ap kouri kite peyi yo pou y’al ranmase imilyasyon aletranje.

ANSANM mande kominote entènasyonal la tande la rezon.


Explosioninfo Médias/Actualités 

TRADUIRE

Post Bottom Ad

Pages