« La gestion des déchets dans les villes du Cap-Haïtien et d’Ouanaminthe : un combat difficile, mais porteur d’espoir. » - ExplosionInfo

ExplosionInfo

Le Réseau de l'Information dans le département du Nord-Est d'Haiti.

Post Top Ad

« La gestion des déchets dans les villes du Cap-Haïtien et d’Ouanaminthe : un combat difficile, mais porteur d’espoir. »

Share This


Nan tèks sa a, n ap kontinye reflechi koman nan kontèks kote vyolans gang ak deplasman entènn ap ogmante presyon sou vil ki deja frajil yo, tankou Okap, Okay, Pòdepè, ak Wanament. Ayiti ap fè fas ak yon kriz sanitasyon ak jesyon fatra ki menase sante piblik, anviwònman ak devlopman dirab li. Selon done nou tire nan yon rapò Mickens Mathieu  te pwodwi, nou rive ranmase sèlman anviwon 12% nan fatra solid nou yo. Nan kapital la, Pòtoprens, pousantaj koleksyon an yon ti kras pi wo, men li toujou rete byen lwen estanda entènasyonal yo. Done sa yo siyale yon gwo danje lè nou konsidere enpòtans sèvis sanitasyon ak koleksyon fatra genyen pou byennèt popilasyon an.
Jodia a, ensekirite, enfrastrikti ki manke, move pratik tradisyonèl, egzòd riral, absans planifikasyon ibèn, ak feblès nan aplikasyon lwa yo kontinye deregle “Metabolis vil” nou sot site yo (Le Métabolisme Urbain) , se sa a ki fokis refleksyon ke w pral swiv la a. 

Nan kontèks sa ke nou sot dekri la a, vil prensipal yo pa rive kenbe yon bon jan balans ant sa yo konsome ak sa yo jete. Yo pèdi kapasite pou yo kreye epi jere resous ke yo genyen, pandan yo kontinye pa kapab elimine ak transfòme fatra ke yo prodwi yo. Derègleman sa yo lakòz vil yo soufri “endijesyon”. Sa vle di gen yon blokaj nan kèk faz nan sik lavi vil la: dlo sal ak ma labou lakòz kanal dren bouche toupatou, fatra endistriyèl ak komèsyal, sitou plastik, fè pil ak pakèt epi movèz odè ak malpwòpte tabli tribòbabò. Sa rann konplike sikilasyon moun ak machandiz epi kontribye nan degrade pi plis sante ak byenèt popilasyon an. 

Yon lòt bò, koripsyon ak mank transparans nan administrasyon piblik yo ap konpwomèt itilizasyon resous ki ta dwe sèvi pou netwayaj ak trètman fatra. Lè nou sonje ke yon vil se pa sèlman yon espas jewografik men se yon “Mikwo-òganis Sosyal” ki gen pwòp metabolis li, kidonk resous ap antre, y ap konsome, yo dwe transfòme ak elimine selon dinamik vil la. Lè metabolis sa deregle, se tout kò sosyal la, estrikti ekonomik, ak mekanis entegrasyon vil la ki deranje. Nan sans sa, jesyon vil la, ki se yon byen komen, se yon ijans pou tout aktè yo.
Nan sitiyasyon sa a, kijan kèk nan aktè prensipal yo, tankou Leta, Sektè Prive a, Dyaspora a, ak Sosyete Sivil la kapab devlope epi ateri yon vizyon kolektif pou kenbe vil yo an sante?

Wòl ak responsablite Leta, Sosyete Sivil, Dyaspora a, ak Sektè  Prive a
A. Leta a 
Leta a dwe asire regilasyon. Sa vle di tabli politik ak règleman, mete kad legal pou jere vil yo ak lòt espas yo pou lavi kapab fleri. Nan kesyon jesyon fatra, Leta a dwe travay ak lòt aktè yo pou mete sou plas yon bon sistèm koleksyon, transpò, ak trètman fatra, ki modèn.
 
Minisipalite yo, an patikilye, dwe travay pou kontwole epi retabli metabolis vil yo. Sa mande planifikasyon vil yo, jesyon resous tout kalite k ap antre nan vil yo. Li enpòtan pou gen kontwòl sou kalite ak kantite pèpè k ap rantre. Sa gen ladan ane ak eta machin, lòt tip veyikil, ak ekipman n ap enpòte. Nou dwe tou kontwole kalite ak dat ekspirasyon pwodwi alimantè yo pou yo pa fini nan fatra avan yo konsome. Souvan, anpil nan peyi ki ekspòte pwodwi sa yo pa tap janm konsome yo lakay yo. Kontwòl dwe fèt tou sou kalite, kantite ak dat ekspirasyon medikaman k ap enpòte epi konsome yo. Toutotan dat medikaman yo pwòch, se plis chans ki genyen pou yo fini nan poubèl. Kesyon sa mande yon “lojistik envès” solid pou jere tout bagay sa yo. Sa vle di lojistik ki òganize fason nou retounen pwodwi, materyèl oswa anbalaj soti nan konsomatè a tounen bay pwodiktè a, swa pou resiklaj, reyitilizasyon, reparasyon, oswa eliminasyon ki respekte nòm anviwònmantal yo. Finalman yo dwe kontwole kantite prodwi plastik ki sòti aletranje, espesyalman an Repiblik Dominikèn. Epi kreye pwogram ak estrateji pou dekouraje konsomatè yo itilize matyè plastik.
Minisipalite yo dwe travay nan kreye ensitasyon pou ede moun yo abite èspas vil ak nan milye riral yo ki anpil fwa se ti paradi sou tè. Yo pa dwe neglije aspè ki gen rapò ak mwayen epi metòd ki pral sèvi pou asire aplikasyon lwa ak règleman yo, espesyalman nan kad yon “Politik Kawòt ak Baton”. Jesyon demografik la dwe mache ansanm ak planifikasyon sèvis piblik yo, espesyalman jesyon fatra nan vil yo. Se sèl fason pou nou adapte ak kwasans popilasyon an epi fè li tounen yon fòs pou devlopman dirab jan sa ye nan anpil peyi sou latè.

Minisipalite tankou Okap, Okay, ak Wanament, dwe mete sou pye bon jan plan, estrateji ak fason ke plan sila yo ap finanse epi egzekite sou plizye lane (anviwon 20 lane, nan lide pou asire kontinite epi transande sik altènans politik la). Yo ka deside chita sou “Mobilizasyon Resous Domèstik” yo, aplike prensip ki di ke yon fwaye/menaj, ak antrepriz ki sal anviwònman an dwe pran rèsponsabilite pou peye pri netwayaj li (Prensip “POLYÈ-PEYÈ”). Nan kad Responsablite Anviwonmantal ak Soyal  antrepriz yo (yon konsèp ki soti nan gwo mouvman entènasyonal sou devlòpman dirab), yon konpayi pa dwe sèlman chèche pwofi, men li dwe pran angajman pou pwoteje kominote ak anviwònman kote li enstale a, sa ki ka fèt atravè rediksyon, resiklaj ak sipò nan inisyativ jesyon fatra). 

Estrateji sou mobilizasyon resous yo kapab pèmèt Minisipalite yo kondwi analiz sou potansyèl fiskal yo, chache resous nan men pwòp popilasyon an atravè valorizasyon richès natirèl, kiltirèl ak istorik. Sa gen ladan sit tankou Sitadèl Laferyè, Palè San-Sousi, Fòsè Kapwa, Fò Pikolè, Fò Sen Josef nan Fò Libète, Fò Labouk, Sodo Kana, Sodo Lakildèpen. Li enkli tou plaj yo, Labadi, Chouchoube ansanm ak ekspedisyon syantifik nan zòn pwoteje ak forè yo. Resous minyè yo enkli Min Lò Ganize yo, Lakwèv ak Lakildèpen yo, ak Min gravye ak sab yo. Sa mande yon jesyon planifye epi kontwole, konsa y ap ede evite Trajedi komen an/La tragedie du commun: “ yon prensip ekonomik ak sosyal ki di: lè yon resous pataje (tankou tè, dlo, lari, oswa anviwònman an jeneral) disponib pou tout moun san rèstriksyon, chak moun ap itilize l pou pwofi pèsonèl li, sa lakòz resous la deteryore oswa fini pa disparèt.” 

N ap kontinye ak pwopozisyon pi laj sou “Mobilizasyon Resous Domestik” yo. Nou konsantre sou zòn estratejik tankou fontyè yo (sitou antrepriz entènasyonal ki se pi gwo sous polisyon), dwann, pò ak ayewoopò. Nou enkli menaj/fwaye yo, tou biznis ak endistri, tankou gwo izin pwodiksyon, pak endistriyèl ki pwodwi anpil fatra, otèl, ak sèvis transpò. San bliye sèvis piblik ak espas kominotè, tankou lopital, mache piblik, pakin piblik, ak bal fèt patwonal yo. Epi, finalman, atravè lekòl, inivèsite, pèmi pou konstriksyon, enpo lokatif, ak patant, ki tout, reprezante sous enpòtan pou mobilizasyon resous yo. Konsa, n ap kapab kreye devlòpman ki dirab epi diminye depandans nou sou èd etranje san nou pa vle inyore sipò ke enstitisyon entènasyonal yo kapab pote, kòm aktè ki ap enfliyanse desizyon yo nan kesyon Jesyon fatra nan peyi a, an jeneral, et nan vil tankou Okap, Okay, Pòdepè ak Wanament an patikilye. 
Resous sila yo ap ka pèmet nou fè fonksyone bon jan sant trètman dechè solid kote ap genyen tri depi lakay moun yo. Mete estrikti resiklaj plastik ak lot matyè pou limite kantite fatra ki ap gaye nan lari, epi ede transfòme plastik yo. Nan sans sa a, Ministè Anviwònman a travè Sèvis Nasyonal pou Jesyon Dechè Solid (SNGRS), Kolèktivite Tèritoryal yo (majistra ak konseye yo), dwe genyen plan jesyon fatra ki klè ki reponn a demach sila yo. La meri dwe degaje resous pou konstwi sit depo final ki respekte nòm sosyal, anviwònmantal ak teknik. Kesyon Verifikasyon Tit Pwopriyete pou teren sila yo dwe byen adrese.

B. Sosyete Sivil la
Sosyete sivil la, ki souvan reprezante, an pati, elit peyi a, pa toutan jwe wò yo ta dwe jwe a nan emansipasyon peyi a. Nan “La vocation de l’élite” , Dr Jean Price-Mars dekri elit ayisyèn an kòm yon gwoup ki gen pouvwa politik, ekonomik ak kiltirèl, men ki souvan dekonekte ak reyalite majorite pèp la. Olye yo sèvi kòm pon ant tradisyon popilè ak modènite, yo plis chèche imite modèl etranje yo, sa ki lakoz yo pa jwe wòl lidè responsab nan devlopman nasyonal la. Nan vizyon Doktè a, elit la rate misyon li kòm fòs dirijan ki ta dwe oryante sosyete a sou baz pwòp richès natirèl, kiltirèl ak istorik li. Pou korije sa, Price-Mars pwopoze yon “mariaj nesesè” ant elit la ak mas yo, yon rekoneksyon ki ta pèmèt yo repanse misyon istorik yo kòm yon misyon de sèvis, mete konesans ak privilèj yo o service devlopman nasyonal la, nan respè ak valorizasyon idantite nou. 


Refleksyon sa a vin pi kritik lè nou konsidere jan nan dènye ane yo, elit nan sosyete sivil la plis adapte li ak deklen peyi a epi pwofite de kriz yo pou tire pwofi, konsolide pouvwa politik li, san pran okenn inisyativ pou retire vil yo nan kalamite fatra ki ap akimile san kontwòl ladan yo. Pandan ke resous natirèl, espas piblik, ak zòn endistriyèl kontinye pwodui gwo kantite dechè, sosyete sivil la ta dwe jwe yon wòl kritik nan mobilize kominote yo pou jere fatra, men yo souvan rete pasif. Kidonk, refleksyon Dr Price-Mars la toujou rete yon apèl pou elit nan sosyete sivil la pran angajman reyèl ak aksyon konkrè, pou asire Sante Piblik, Pwoteksyon Anviwònman, ak Planifikasyon Dirab, epi evite trajedi kote kominote yo ak vil yo sibi konsekans fatra ki akimile.
Nan batay pou yon pi bon jesyon dechè nan vil yo, plizyè aktè nan sosyete sivil sa a gen yon travay ki esansyèl pou fè:

Òganizasyon kominotè yo kapab sèvi kòm pon ant sitwayen yo ak otorite yo. Yo ka òganize kanpay sansibilizasyon lakay moun, mete sou pye inisyativ kolektif pou netwaye katye yo, epi kreye estrikti volontè pou siveyans ak jesyon pwen depo ak koleksyon fatra yo;

Chanm komès yo kapab sèvi kòm yon aktè estratejik nan Jesyon Fatra, sitou pou ankouraje antrepriz yo redwi fatra depi nan sous (savle di depi kote y ap achte pwodwi ki pral tounen fatra yo), ak mete sou pye mekanis rekiperasyon fatra yo. Yo kapab ede nan ofri yon espas dyalòg ant Sektè Prive ak Leta pou ede tabli nòm dirab, epi mobilize resous ak patenarya pou transfòme pwoblematik fatra an solisyon ekonomik ak kreyasyon travay dirab;

Asosyasyon fanm yo gen yon travay kle pou fè, lè nou konsidere wòl esansyèl fanm yo souvan jwe nan jesyon fwaye yo. Yo kapab ankouraje pratik tankou separe fatra òganik pou itilize kòm konpòs, oswa pou manje bèt, pandan yo ankouraje bon pratik resiklaj nan fanmi yo ak nan mache piblik yo;

Asosyasyon peyizan yo, kapab transfòme fatra òganik an resous pou agrikilti (konpòs, fimye, bioénergie), e konsa y ap rive diminye kantite fatra ki rete nan espas yo. Yo kapab sèvi tou kòm modèl pou yon sik ekonomik ki pi dirab. Nan plenn Maribawou-Wanament, pa egzanp, anpil asosyasyon ap sibi dirèkteman enpak fatra plastik (sitou anbwate an plastik yo/ styrofoam) sou plantasyon yo: plastik yo bouche kanal irigasyon, degrade tè a, e menm afekte kalite rekòt yo. Nan sans sa a, asosyasyon peyizan yo genyen enterè e yo kapab jwe yon wòl estratejik tou nan Jesyon Fatra Plastik: Mete sou pye inisyativ koleksyon plastik nan zòn riral yo; Travay ak resiklè lokal pou transfòme plastik yo an materyèl reyitilizab (tankou brik, oswa lòt pwodwi lokal); Sèvi kòm gwoup presyon pou fòse otorite yo pran mezi kont antre masif plastik jetab yo; Ankouraje edikasyon nan kominote peyizan yo sou danje plastik ak nesesite pou limite itilizasyon yo.

Kidonk, asosyasyon peyizan yo se pa sèlman yon poto mitan pou jere fatra òganik, men tou yon aktè kle pou konbat pwoblèm plastik ki ap mine tè ak dlo nan zòn agrikòl yo;
Asosyasyon jèn yo gen kapasite pou pote kreyativite ak enèji nan inovasyon sou fason pou trete ak valorize fatra. Yo kapab lanse Mikwo Biznis lokal sou resiklaj, òganize aksyon netwayaj masiv, epi sèvi kòm vwa pou mobilize lòt jèn atravè rezo sosyal yo; 

Lekòl, legliz, moske ak peristil yo ka vin sant edikasyon ak konsyantizasyon. Yo kapab entegre lekòl vèt ak pwogram edikatif sou ijyèn ak resiklaj, pandan espas relijye yo sèvi pou ankouraje respè pou anviwònman an kòm yon valè moral ak espirityèl. Timoun ki lekòl yo ka sevi kòm pi gwo enfliyansè sou paran yo nan fwaye yo;

Atis, Espòtif ki fè siksè, Selebrite yo, ak Enfliyansè yo, gras ak vizibilite ak vwa yo, kapab sèvi kòm modèl pou popilasyon lakay yo. Yo kapab itilize rezo sosyal yo pou lanse kanpay edikatif sou separasyon ak valorizasyon dechè, epi ankouraje moun patisipe nan inisyativ lokal yo. Melchie Daëlle Dumornay (Corventina) ki sot nomine pou Balon Dò France Football 2025, an patikilye, kapab sèvi kòm yon modèl enspirasyon, li pa sèlman fè flote drapo Ayiti pi wo, li gen kapasite pou sèvi kòm vwa konsyans ak angajman sosyal nan sa ki gen pou wè ak mobilizasyon kominotè pou amelyore kesyon lapwòpte ak jesyon fatra, pa egzanp lakay li nan Plato Santral;

Militan ak lidè opinyon yo, finalman, kapab sèvi kòm vwa presyon sou otorite yo, pou yo asime responsabilite yo nan zafè asenisman ak byennèt kominote a, pandan y ap defann politik piblik ki pi solid sou jesyon fatra;
Atravè kèk inisyativ sitwayen, kominote Lèziwa, Okay, Okap, Wanament,  e latriye pwouve kapasite yo pou eseye leve tèt yo epi transfòme lavi kolektif la. Mouvman KPK a nan Wanament, yonn nan pi gwo inisyativ kominotè nan istwa resan peyi a, te abouti a konstriksyon Kanal Diyite a. Nan ane 2007–2008, Mouvman sitwayen Wanament Bèl te montre kapasite mobilizasyon ekstraòdinè li yo. Yo te rive ranmase fon nan mitan popilasyon an pou finanse betonaj 5 kilomèt ri nan vil la. Anplis, yo te sèvi ak fòs kolektif yo pou mete presyon sou otorite yo, sa ki pèmèt yo jwenn resous finansman nan men gouvènman an. Nou pa ka bliye egzanp enspirasyon tankou inisyativ “Kita Nago”, kote Òganizasyon Kominotè yo ak Mèt Fèy Vèt te montre tout Ayisyen fòs solidarite ak mobilizasyon kominotè. Egzanp sa a fè konprann kijan inisyativ ki sòti nan baz peyi a kapab ini moun alantou yon menm objektif.


C. Dyaspora Ayisyen an
Dyaspora Ayisyen an deja pote yon kontribisyon enpòtan nan ekonomi peyi a atravè transfè yo ki soutni anpil fanmi chak ane (yo transferenan peyi a jiska 3,4 milya dola vèt an 2023, sa ki reprezante prèske 20 % nan PIB Ayiti a selon sa “Banque de la République d’Haïti, The Dialogue ak The Global Economy ” deklare). Gran bravo pou yo pou jefò yo ak akonpayman yo. Men, an paralèl ak jefò sa yo, li ta nesesè pou mete sou pye yon “Fon Kominal Dyaspora” ki ta soutni divès pwojè estratejik pou devlòpman peyi a. 

Depi plis pase 10 lane, Asosyasyon moun Wanament nan Eta Zini (ADO) ap òganize Fwa Medikal pou kapab delivre sèvis swen lasante chak mwa Dawou pou popilasyon vilnerab nan depatman Nòdès la. Nan menm sans sa a, ADO, Gran Nò An Sware, ansanm ak anpil lòt Òganizasyon Diaspora nan Peyi a, kapab itilize rezo pwofesyonèl yo ansanm ak kapasite òganizasyonèl yo pou ede Meri yo tabli “Fon Kominal Dyaspora” a kote yo kapab rive mobilize resous pou kenbe metabolis vil la vivan ak efikas. Tout jefò sa yo se ap prèv kapasite kominote yo genyen pou pran responsablite, retabli espas li yo, epi reprann kontwòl sou lavi kolektif la.


Youn nan priyorite imedya aksyon sa yo dwe vize jesyon dirèk fatra, sitou “Triye fatra depi kote yo pwodwi yo” pou plastik yo. “Fon Kominal Dyaspora” sa a ta kapab finanse enfrastrikti piblik asenisman ki nesesè, ede kreye epi sibvansyone mizanplas ak fonksyonman antrepriz resiklaj, inovasyon vèt, ak tout lòt inisyativ ki ka kreye ou ensite travay dirab pou jèn nou yo. Nan sans sa a, diaspora a pa ta vin yon aktè dirèk nan konstriksyon yon ekonomi pi solid, pi pwòp, epi pi dirab pou tout sosyete a.

Sektè Prive a
Sektè prive a se yon aktè estratejik nan Jesyon Fatra, kote yo kapab travay yon fason pou inovasyon, finansman ak efikasite rankontre Responsablite Anviwonmantal ak Sosyal. Atravè envestisman nan kominote yo, bon Jesyon Dechè/Fatra, limitasyon polisyon, kreye opòtinite pou jèn ak fanm, epi kolaborasyon ak Leta ak òganizasyon lokal yo, antrepriz yo ka kontribye dirèkteman nan devlopman dirab ak byennèt kominote a.
Pou nou ale pi dirèk, plizyè kategori aktè ekonomik nan vil yo gen yon wòl esansyèl pou jwe nan batay pou jesyon fatra a:
Antrepriz komèsyal ak sèvis yo, tankou makèt, bank yo, lekòl yo, ki sitou baze nan vil pwovens yo, gen kapasite pou mete resous nan inovasyon, resiklaj, ak solisyon lojistik pou amelyore kondisyon lavi kominote kote y ap fonksyone yo;

Antrepriz pwodiksyon ak distribisyon, sitou sa ki gen pou wè ak konpayi ki vann oswa fabrike aparèy elektwo-menyaje, mèb, ekipman elektwonik, ak solisyon enèji, kapab envesti nan teknoloji ak konsepsyon, vant, pwodwi ki pi fasil pou itilize epi jere nan sistèm tretman dechè ki disponib la yon fason pou diminye presyon sou vil yo, epi bay konsomatè lokal yo opsyon ki pi dirab;

Endistri ak pak endistriyèl nou yo, ki, anpil fatra pwodwi plastik swa a travè bwason nan boutèy oubyen lòt tankou sachè dlo, kapab entansifye pwogram resiklaj plastik yo epi kreye travay nan kominote yo. Nan zòn kote anpil endistri sa yo tabli, yo ka mete sou pye estrikti koleksyon, transpò, ak tretman dechè ki pou konplemante oswa asosye ak jefò Leta. Inisyativ sa yo ranfòse kapasite kominotè, epi gen pouvwa pou kreye plis travay lokalman pandan y ap amelyore kalite anviwònman an;

Konpayi entènasyonal ak transnasyonal yo, tankou gwo endistri ki tabli nan Repiblik Dominikèn e ki deja gen yon prezans solid nan rejyon Nò peyi a, se gwo aktè nan polisyon plastik. Konpayi sa yo pa ka kontinye pwofite mache lokal yo san yo pa pran an konsiderasyon responsablite anviwònmantal ak sosyal yo. Pou kominote lokal yo, sa ka kreye opòtinite pou fè konpayi sa yo patisipe nan pwojè koleksyon ak resiklaj plastik, kreye djòb nan domèn sa yo, epi kontribye nan amelyore anviwònman ak sante piblik popilasyon an;
Nan tout kategori sa yo, rekòmandasyon an klè: konpayi lokal yo dwe angaje nan jefò dirab pou pwòp kominote yo, pandan ke konpayi transnasyonal yo, ki deja gen plis kapasite finansyè ak enfliyans, dwe pote yon kontribisyon ki pi enpòtan epi pi estriktire, kòm yon fòm ekite ak responsabilite pataje.

Pou yon ilistrasyon, konpayi Bio2Watt, ki tabli kò li nan peyi Afrik di Sid, gen yon kapasite pwodiksyon apeprè 4.4 megawat (Mw) elektrisite. Sa ase pou alimante plizyè milye kay pandan y ap limite kantite emisyon gaz a efè tèmik peyi a. Li espesyalize tèt li nan pwodiksyon enèji vèt atravè teknoloji biyogaz. Konpayi sila a transfòme fatra òganik an elektrisite. Bio2watt kolabore ak gwo konpayi otomobil entènasyonal tankou BMW pou founi enèji renouvlab nan faktori yo, toujou nan kad Responsablite Anviwonmantal ak Sosyal yo. Kidonk, li pap twò difisil pou nou replike modèl la, menm si se pa nan menm echèl ak yo. 

Pa bò isit, nou pa ka oze di ke nou pa genyen jefò k ap fèt ditou. A travè peyi a, genyen kèk enstitisyon ak sitwayen ki pran kèk inisyativ pou ede peyi a sòti nan salte, Ayibobo pou enstitisyon ak sitwayen sila yo ki ap travay nan resikle plastik yo, nan valorize dechè òganik yo tankou: Hovard Guerrier nan Haiti Compost Business; Le Netoyeur ki se yon inisyativ prive ki te pran pou resikle dechè plastik nan rejyon Nò ak Nodès la. Depi kèk lane, nou tande pale de “PRO PUBLIC SAM, yon sosyete anonim miks, ki vini ak yon pwojè pou jere, trete ak resikle dechè nan twa komin, Katye Mòren, Limonad ak Okap.”, nou swete genyen bon rezilta konkrè ki sòti de inisyativ sila a. Vil Fò Libète, Vil Okay, Vil Delmas ak kèk lòt kominote rive kolekte yon bon pati nan fatra yo pwodwi yo, bay yon aspè vil pwòp, menm si an reyalite se poko sa. Lis sila a pa fini. Nou kapab kontinye chèche epi kapitalize sou kèk modèl konsa epi kontinye avanse cha a.
Yon Ayiti Pi Pwòp posib si tout aktè sa yo deside jwe wòl yo ansanm
Jesyon fatra depase senp koleksyon: li reflete fason nou abite vil la, kijan nou itilize espas sosyal, istorik, ak kiltirèl ki ta dwe tounen “Lieux de mémoire”, kote rankont, fyète ak sosyalizasyon pran sans. Lè espas sa yo kouvri ak fatra, nou pèdi plis pase pwòpte: nou pèdi memwa kolektif nou, diyite nou kòm pèp, ak lyen esansyèl ki ta dwe egziste ant sitwayen, kolektivite a, ak Leta.
Posiblite pou amelyore sitiyasyon sa a egziste. Lè Leta, Sektè Prive, Dyaspora a, ak Sosyete Sivil la deside travay ansanm, chak komin ak chak kwen nan vil yo kapab vin pi pwòp, pi òganize, epi pi dirab. Jesyon Fatra nan vil yo pa limite sèlman a kesyon ijyèn; li se yon anje kritik pou Sante Piblik, yon katalizè pou Devlopman Ekonomik Lokal, yon obligasyon etik nan sèvis piblik, yon sous fyète pou kominote yo ak vil nou yo, epi yon faktè ki enfliyanse imaj Ayiti sou plan entènasyonal.
Nan kad konsèp Metabolis Vil yo, chak vil dwe wè tèt li kòm yon sistèm entèkonèkte kote resous yo, dechè òganik, plastik, ak lòt matyè dwe trete, re-itilize, ak resikle pou fèmen sik ekonomik ak anviwònmantal la. Sektè Prive a dwe jwe on wòl estratejik atravè inovasyon, finansman, ak ogmantasyon efikasite; Sosyete Sivil la ak òganizasyon kominotè yo dwe mobilize rezidan yo, ankouraje edikasyon sou separasyon/segregasyon dechè, resiklaj ak valorization yo; Dyaspora a dwe pote konesans, teknoloji, ak resous finansye; pandan ke Leta dwe garanti estrikti, règleman, ak sipò pou sistèm nan fonksyone efèktivman nan chak vil nou yo.
An menm tan, li esansyèl pou mete sou pye Mekanis Redevabilite nan kominote yo, tankou Komite Sitwayen ak Odyans Piblik, kote bidjè Minisipalite yo defini resous pou kenbe vil la pwòp, prezante rapò finansye, epi pèmèt Komite Sitwayen an sanksyone aksyon otorite yo. Se nan nivo sa a n ap kapab asire transparans reyèl, e se konsa n ap kapab pale de yon “Leta serye”, ki kapab fè fas ak defi Jesyon Fatra ak lòt pwoblèm lokal ak nasyonal yo.
Se nan rekonèt wòl chak sitwayen ak chak aktè nan “Metabolis Kominote ak vil yo” ke nou lanse yon apèl ijans pou aksyon kolektif. Travay ansanm sou jesyon fatra, inovasyon nan resiklaj, devlopman kapasite lokal yo, ak mekanis transparans se chemen pou bati vil ak kominote pwòp, fyè, epi dirab, kote resous yo priyorize, Sante Piblik, epi kominote yo vin pi rezilyan devan defi yo. 

Jan Segolène Royal te raple nou nan yon refleksyon sou lidèchip: “Dirije yon peyi se pa chita plenyen epi jije pèp la sou fot li yo, men se pote responsablite ak vizyon pou rann kay la vin pi solid, pi bèl, epi pi diy pou jenerasyon k ap vini yo, lè yo konpare ak moman ke w te resevwa kle a” (Segolène Royal, Post Facebook, 27 Out 2025). Sitasyon sa a sonnen kòm yon apèl pou tout aktè nan jesyon fatra: pran responsablite w, travay kolektivman, epi kreye vil ki dirab ak fyè.



Otè atik la: 
Abdel Abellard se yon Enjenyè-Agwonòm ki espesyalize nan domèn Anviwònman. Li gen plis pase 23 lane eksperyans travay nan Devlopman Dirab, Konsèvasyon Biyodivèsite ak Jesyon Resous Natirèl. Li genyen yon metriz nan Devlopman Dirab ak Biyoloji Konsèvasyon (University of Maryland, College Park, USA). Li dirije plizyè pwogram estratejik sou dlo, forè ak devlopman riral nan peyi d Ayiti, kou nan nivo entènasyonal.
Imèl: abdelabellard@gmail.com 
Crédit photos: Abdel Abellard 

TRADUIRE

Post Bottom Ad

Pages