Wanament, yon vil k ap grandi ak yon vitès ki depase limit, depi apre anbago 1991 la kote aktivite ekonomik ak fwontyè a fè l toujou gen anpil aktivite. Lè ou ajoute bri legliz yo ki souvan depase limit nòmal la, sa kreye yon polisyon sonò ki afekte sante ak repo moun nan zòn nan. Pandan kwayans sipoze pote lapè ak serenite, pratik anpil misyon relijye nan katye nou yo vin tounen yon gwo kastèt pou tout popilasyon an. Ant gwo opalè k ap sakaje lespri moun yo, jounen jèn k ap degonfle zòrèy yo nan mitan semèn yo, ak vèy de nwi ki pa respekte somèy pèsonn, se tout yon vil k ap rele anmwe devan yon dezòd san kontwòl Lidè Lui Jan Boje Legliz yo enpoze tout moun.
Li lè pou enstans konsène yo, tankou Ministè Kilti, poze men sou maladi sa a ki anvayi espas piblik ak prive nou tout, paske nan Wanament, bri tounen mèt ak seyè.
Yon reyalite ki depase limit: Bri a tounen yon “zam fann fwa”
Nan chak ti kwen lari nan Wanament, sitiyasyon an vin ensipòtab. Se tankou jan Mackenlove Hyacinthe (Sit iMedia Ayiti, 30 mas 2021) te siyale li a, legliz yo nan peyi a pouse tankou djondjon, se yon pwoblèm Leta dwe rezoud seryezman. Nan Wanament, reyalite a frape pi rèd:
Gwo opalè deyò tankou se 3 jou gra kanaval nasyonal sou Chandmas: Gen legliz ki pa kontante yo fè sèvis anndan ankò, yo mete gwo bwat son deyò k ap voye gwo kout desibèl nan tout katye yo. Jan Emmanuel Moise Yves (AyiboPost) te ekri : “Les églises génèrent une pollution sonore extrême. Pourquoi personne ne s’en plaint en Haïti ?”. Li rapòte ke polisyon sonò sa a rive nan yon nivo "ekstrèm" kote moun pè pote plent pou yo pa pase pou moun ki "gen dyab".
Vèy de nwi ak jounen jèn yo: Lannwit sipoze fèt pou repo, men vèy de nwi yo vin tounen yon sansi pou moun nan vwazinaj ki malad, granmoun, ak timoun (ti bebe). Nan mitan lasemèn, lè sitwayen yo ap travay, nivo desibèl yo depase tout nòm entènasyonal yo. Yo rapòte nou ke genyen granmoun ki fè kriz tansyon ki konn oblije kite lakay yo pou ale viv laka lòt moun nan fanmi yo. Kay yo te sakrifye vi yo pou konstwi epi repoze an pè ladan an, tounen yon lanfè nan mitan banbòch evanjelik raketè.
Yon enstitisyon "modèl" k ap bay pi move egzanp
Legliz ta dwe sèvi kòm pi gwo lekòl moral ak etik nan yon peyi ki deja ap benyen nan kriz ki pa gen kalifikasyon. Legliz ap detri fanmiy yo ak kominote yo. Lè yon legliz pa respèkte dwa vwazen li pou l gen trankilite, ki kalite edikasyon l ap bay fidèl yo, timoun k ap grandi yo? Ki mesaj li voye bay brebi yo ki toujou panse oubyen konnen ke Bondye se yon Bondye konpasyon? Respè pou pwochen, kelkeswa kwayans, orijin, nasyonalite li, se baz lafwa. Men jodi a, anpil legliz nan Wanament vin tounen premye faktè nwizans pou sante mantal popilasyon an. Malgre anpil alèt ki lanse nan laprès, lidè relijye yo kontinye aji kòmsi yo pi wo pase lalwa oubyen se yo ki Bondje sou latè.
Yon apèl ak otorite regilasyon yo
Menm jan vil Kap Ayisyen kòmanse ranfòse règleman kont nwizans sonore yo (Wideberlin Senexant, Vant Bèf Info 27 Oktòb 2024), otorite nan Wanament yo pa ka rete bèkèkè devan kriz sila a. Nou mande Ministè Kilti ak Kilt pou yo revize lisans fonksyònman legliz sa yo epi sispann "Pwoliferasyon" san kontwòl sa a nan zòn rezidansyèl yo. Lameri ak Lajistis, mete sou pye epi aplike règleman/dekrè minisipal estrik, paske libète relijyon pa vle di libète pou sakaje zòrèy moun epi dejenere sante mantal yo. Lapolis dwe asire ke apre yon lè egzak, trankilite vil la respekte, epi moun ka dòmi.
Li lè pou Wanament sispann viv nan gwo bri sa a ki pa ni edifye nanm, ni respekte lavi. Lapè se yon dwa, se pa yon favè.
Otè atik la:
Abdel Abellard se yon Enjenyè-Agwonòm ki espesyalize nan domèn Anviwònman. Li gen plis pase 23 lane eksperyans travay nan Devlopman Dirab, Konsèvasyon Biyodivèsite ak Jesyon Resous Natirèl. Li genyen yon metriz nan Devlopman Dirab ak Biyoloji Konsèvasyon (University of Maryland, College Park, USA). Li dirije plizyè pwogram estratejik sou dlo, forè ak devlopman riral nan peyi d Ayiti, kou nan nivo entènasyonal.
Imèl: abdelabellard@gmail.com
