2026 : Entre douleur, vérité et appel à un réveil de la conscience nationale. - ExplosionInfo

ExplosionInfo

Le Réseau de l'Information dans le département du Nord-Est d'Haiti.

Post Top Ad

2026 : Entre douleur, vérité et appel à un réveil de la conscience nationale.

Share This

Nan antre ane 2026 la, Ayiti ap fè fas ak youn nan pi gwo kriz moral, sosyal ak sekiritè nan listwa li. Ensekirite, dezanrasinman, enpinite ak kraze lyen sosyal yo mete peyi a ajenou. Nan tribin refleksyon sa a, yon sitwayen angaje lanse yon apèl klè pou verite, responsablite ak rekonstriksyon nasyonal.



Nan moman n ap travèse papòt lane 2026 la, kòm sitwayen angaje, epi tou yon pwofesyonèl k ap evolye nan kè devlopman dirab, mwen pa vle rete bèkèkè devan kriz pwofon k ap dechire nasyon nou an. Mesaj sa a, se pa yon senp Larezone tradisyonèl, se endiyasyon yon sitwayen angaje, yon rèl nan kè, nan nanm, ak yon apèl solanèl pou yon revèy konsyans nasyonal. Li nesesè pou nou tout Ayisyen gade verite a nan je, konsa n ap ka rekonstwi peyi nou sou baz rèsponsablite ak jistis. Mwen envite nou li refleksyon sa a sou reyalite n ap viv la, ak chimen ki dwe mennen nou nan yon renesans ekonomik, kiltirèl ak sosyal.

SOUWÈ POU ANE 2026: VERITE AK KONSYANS

Bòn Ane 2026, kanmenm… Kanmenm malgre tout sa n ap viv jounen jodi a. Malgre:

A. Reyalite n ap sibi la (doulè nan kò ak nan Nanm), ensekirite ak kidnapping k ap detwi fanmi nou, pa sèlman fizikman men espirityèlman. Atak kont anpil katye: Timoun kou granmoun k ap disparèt, sikilasyon moun ak byen vin enposib, epi atak sible sou moun ki deside kritike oubyen di sa yo panse. Sa plis karakterize pa:

Yon lagè fratrisid: Katye popilè k ap atake lòt katye san rezon; k ap piye, boule, epi detwi pwòp frè yo, moun yo te konnen, masak/kanaj;

Destriksyon byen ak sèvis: Mache piblik, Plantasyon diri, Lekòl, Lopital, ak Sant sante k ap boule, soti nan Lwès, pase Latibonit, rive nan Plato Santral;

Yon pèp san pwoteksyon: Vwazen k ap piye kay vwazen; Timoun, fanm, granmoun, ak moun andikape k ap viktim anba bal, vyòl, ak britalite san okenn jistis.

B. Yon Sistèm ki vire do bay pèp la, pandan wout yo koupe depi plizyè lane (menm wout anlè ak sou lanmè bloke), nou wè yon kontras ki fè mal jouk nan zo:

Plis pase douz (12) konvwa machin blende ap pwoteje 9 PREZIDAN nan yon KPT, 1 Premye Minis, 1 Chèf Polis ak 1 Jeneral Lame …elatriye.

Pandan se tan, pèp la rete san defans, san espwa.

Yon pati nan lajan sa yo te ka sèvi pou:

Sèvis Dlo potab ak elektrisite, mete plis timoun lekòl, epi ranfòse sekirite pou Madan Sara nou yo;

Ranje wout riral yo, konsa machandiz t ap ka sikile pi fasil, epi tou achte medikaman pou Lopital ak Sant sante yo, entran agrikòl pou vant nou sispann depann de lòt peyi ki pa janm sispann imilye pitit nou;

Mete sèvis ponpye nan vil ki pa genyen yo;

C. Derasinman, ak Imilyasyon. Sa n ap viv la pa sèlman touye kò nou, li touye nanm nou. Li kreye distans ant nou, li detwi koneksyon sosyal nou, koneksyon sosyal pitit nou. Estrès ap ravaje fanmi yo akoz:

Yo fòse nou pou pran wout Egzòd la: Nou blije kite lakay nou, vil nou, peyi nou, abandone tout sa nou posede. Tout sa nou te deja konstwi, Fòse nou abandone rèv nou. Nan wout, yo vyole fanm kou gason, timoun ak granmoun pa epanye.

Yo atake MOUNITE nou: Nou sibi imilyasyon, entimidasyon, ak britalite. Yo trete nou de "Fatra" oswa "Shithole" (Twou kaka). Yo trete nou pi mal pase fason yo trete zannimo sovaj lakay yo.

Nou pèdi IDANTITE nou: Nou gade ak dezespwa moun ki t ap viv byen Ayiti, moun ki te genyen anpil mwayen pou viv, ki vin tounen mandyan. Ayisyen ap detwi lavi ak byen Ayisyen parèy yo. Nou pèdi zanmi, fanmi, memwa, ak rasin nou. Nou vann tè nou, kay nou, epi jodi a, n ap antere moun nou yo deyò, tankou se yon pati nan tèt nou n ap antere a chak fwa.

Tout sa yo se krim kont rèv Zansèt nou yo. Se trayizon IDEYAL DESALIN nan. Zansèt nou yo te fè gwo sakrifis, yo te goumen kont MECHANSTE ak OPRESYON. Yo te batay pou DIYITE, LIBÈTE, ak BYENNÈT KOLÈKTIF pou tout moun sou latè. Sa vle di, yo pa t mouri pou Ayisyen te vin tounen premye ZOUTI opresyon kont Ayisyen parèy yo.

Yo te goumen tou pou chavire sistèm dominasyon ki te tabli a. Yo mouri kite pou nou yonn nan pi bèl peyi ak tout potansyèl natirèl, kiltirèl, ak istorik san parèy pou n te kontinye bati l. Nou pran deviz « L’Union fait la force » la, ki te dwe bousòl egzistans kolèktif nou, nou vide l de sans li. SOLIDARITE ak FRATÈNITE, ki te poto mitan idantite nou, tounen yon memwa n ap efase chak jou, tikras pa tikras, ak pwòp men nou.

"Kè nou kontinye ap senyen lè nou wè jan ensekirite, enpinite, koripsyon, ak eksplwatasyon san limit, pou lajan ak pouvwa, ap kontinye gaye nan peyi nou, ansanm ak maskarad jistis n ap sibi a." Monseyè Hubert CONSTANT (2004)

Yon Apèl pou 2026: Pou ane sa a, souwè a se pa yon ilizyon. Se yon REVÈY KONSYANS. Se yon apèl a MOUNITE nou.

Retounen nan KONBIT ak nan LINYON;

Retounen nan respè yonn pou lòt ak respè pou lavi;

Bòn Ane 2026. Fokis la dwe rete sou:

VERITE, RENOUVÈLMAN, RÈSPONSABLITE, ak REKONSTRIKSYON

Auteur: 

Abdel Abellard est Ingénieur-Agronome et spécialiste de l’environnement avec plus de 23 ans d’expérience en développement durable, conservation de la biodiversité et gestion des ressources naturelles. Titulaire d’une maitrise en Développement Durable et Biologie de la Conservation (University of Maryland, College Park, USA), il a dirigé des programmes stratégiques sur l’eau, les forêts et le développement rural en Haïti et à l’international.


ExplosionInfo Médias Actualités 

TRADUIRE

Post Bottom Ad

Pages