Quand Haïti savait sourire : Ouanaminthe, témoin d’une grandeur perdue. - ExplosionInfo

ExplosionInfo

Le Réseau de l'Information dans le département du Nord-Est d'Haiti.

Post Top Ad

Quand Haïti savait sourire : Ouanaminthe, témoin d’une grandeur perdue.

Share This

Gen yon epòk, soti nan ane 70 yo rive nan kòmansman ane 2000 yo, kote vil Wanament te gen yon nanm k ap bat nan ritm yon nasyon ki te kwè nan tèt li. Se te premye temwen yon reyalite ki te pi dous pase rapadou ki soti nan 4e seksyon Savanolèt, kote fratènite ak respè te sèvi kòm siman ki te soude tout yon sosyete. Lè n ap gade Wanament jodi a, se egzakteman pòtrè tout yon peyi n ap kontanple nan yon miwa ki kraze an miyèt moso. Li nesesè pou n fè yon kanpe, non pa pou n al kache nan souvni dantan yo, men pito pou n al rale, nan rasin nou, fòs ak diyite ki ka rebati sa k ap depafini nan chak kwen tè dAyiti Toma a.
Lè n ap gade reyalite a dantan an, se tout pòtrè yon Ayiti ki te gen disiplin ak espwa n ap dekouvri. Nan epòk sa a, kilti ak edikasyon jenès la pa t yon senp lwazi, men se te fondasyon yon idantite nasyonal ki t ap bati sou ekselans ak yon angajman san fay anvè peyi a. Atik sa a vize montre kijan Wanament, atravè fyète ak yon sans responsabilite kolektif, te konstitye poto mitan yon sosyete ki te kwè nan avni pitit li. Nan fouye nan memwa sa a, n ap dekouvri yon modèl kominote ki ka toujou sèvi kòm limyè pou enspire avni nasyon an.


kilti ak jenès te poto mitan sosyete a
Disiplin, sivis ak patriyotis
Lavi Wanament te chita sou yon balans solid ant disiplin ak patriyotis. Selebrasyon dat istorik tankou 1e ak 2 janvye, 18 me, epi 18 novanm te depase kad yon senp seremoni lokal; yo te yon veritab leson sivik kote tout pitit tè a te fè youn nan yon demonstrasyon fyète nasyonal. Preparasyon sa yo te mande yon disiplin sevè, kote pi gwo fanfa vil la tankou AMOR ak gwoup majòrèt yo (gras ak vizyon Frerot Dabel, kòm pyonye nan koze a) te konn pase tout yon ane ap rafine ritm yo, yon prèv klè de valè ekselans nou te kiltive nan lavi an kominote a. Tout lekòl yo te rantre nan yon konpetisyon sen pou pi bèl parad, pi bèl rad, ak pi bèl defile, sa ki te montre respè pou lòd ak enstitisyon yo.


Imaj yon lame timoun ak jèn ki te abiye tou de blan, senbòl sentete ak renouvèlman, ak drapo ble e wouj la ki t ap flote nan men yo, se te prèv yon jenerasyon ki te konprann eritaj li. Men, kote patriyotis la te pran tout sans li, se lè jèn sa yo t ap chante imn lajenès Tardieu a ak tout fòs yo: "Nous te voulons Chère Patrie... Nous te voulons terre bénie.. Digne à jamais... La tête altière et haut les fronts... demain la gloire d'Haïti". Nan moman sa a, yo pa t ap sèlman repete yon refren oswa respekte yon pwotokòl sivik; yo t ap siyen yon veritab kontra fidelite ak manman Ayiti. Se te prèv yon konsyans pwofon kote chak jèn te rekonèt tèt li kòm sèl poto mitan ki pou te kenbe nasyon an djanm ak debou.


Reyònman kiltirèl ak mizikal
Mizik dantan yo, kontrèman a bri san kontwòl ak pawòl rabòday ki anvayi lari a jodi a, te depase fwontyè amizman pou yo te tounen yon veritab patrimwàn nasyonal ki t ap simen lespwa, ki t ap anseye lanmou pou peyi a, epi ki te simante lyen sosyal ant tout jenerasyon. Atis ak gwoup tankou Tines Salvant, Manno Charlemagne, Dieudonné Larose, John Steve Brunache, Tropicana, Septentrional, Lakol du Cap-Haitien, Kazak, Feeling du Cap-Haitien, Boukman Eksperyans, Eddy Dieudonné Francois, Emeline Michel, Beethova Obas, ak Jacques Sauveur Jean te sèvi kòm gid espirityèl ki te konn pwodwi tèks angaje pou elve lespri nou. Nan yon tan kote zòrèy nou te abitye ak bon son, kilti a te yon zouti pou fè nou sonje grandè istwa nou, kote nou te konn chante ak fyète ke nou se nèg Kongo, nèg Dawome, ak nèg Ginen. Diferans lan klè: mizik sa yo te bati yon konsyans nasyonal epi yo te sèvi kòm yon lekòl lavi, pandan bri jodi a ap detwi nannan valè nou te konn kiltive nan vil Wanament la.
Èspò te yon lekòl inite ak ekselans
Nan nivo espòtif, vil Wanament te sanble ak yon laboratwa talan ki t ap bouyi pou tout peyi a. Espò a pa t sèlman yon fason pou moun amize yo; li te yon veritab lekòl sitwayènte kote jèn yo te aprann disiplin, solidarite, ak lanmou pou kominote yo.
Foutbòl te yon laboratwa pou idantite ak grandè kolektif
Chak katye nan Wanament te gen yon idantite ki te makònen ak yon klèb espòtif, sa ki te kreye yon konpetisyon sen ki baze sou diyite. Non tankou Bayard Richard Muller (mèt gwo chanpyona katye Ri Libète a), Djomeka, Doukounou, Remy Dutrevil, Ti Abellard, Fucien, Awins Bruno, Rodely Samson, Ti Chenel, John Leton, Ti Charles, Carl-Henry Ambroise , Aicard Louis, Filome Pierre, Guy Jourdain, Maxon Jean (Ti Blan Madichon), Coach Mackenson Darcelin, Jacques André Joseph (Ti Jak), Yves Jean-Pierre, Vedette FC, Relax, Club Amitié frères Salvant (CAFS), Dynamic, Cascadeur, All Star, Pele Maradona Zico (PENACO), Jeunesse Sportive Club de Ouanaminthe (JSCO), Évolution des Jeunes Footballeurs de Ouanaminthe (EJFO), ak Full Feeling (ekip medam yo) te fè kè moun bat nan ritm pasyon sa a. Klèb sa yo pa t sèlman ekip espò; yo te reprezante "ti nasyon" nan chak katye kote konpetisyon an te bati yon sans apatenans ki te sèvi kòm yon baryè kont delenkans, paske defann koulè katye w se te defann onè fanmi w.
Yon ti blag: Nan PENACO, Levens Elie (R.A.P) ak Wawens Yacinthe te montre m sa yo rele 'pasyans' tout bon. Mwen sonje 90 minit ap chofe bò teren an... finalman se pa sou teren an m t al antre, se nan douch la m te ale dirèkteman. Mwen se sèl jwè foutbòl ki fini yon match ak 0 minit jwe, men ak yon kò k ap pouse lafimen tèlman m te cho!

Nou pa ka pale de ekip sa yo san nou pa voye yon gwo kout chapo pou Enjenyè Wideline Pierre. Se pa sèlman nan Full Feeling li te konn fè maji ak boul la nan pye li; li te marenn solid klèb EJFO a tou. Se li ki te konn asire 'fòmasyon taktik' jwè yo nan kwizin nan, paske si jwè yo te konn kouri konsa sou teren an, se paske manje Wideline yo te gen yon 'vitamin' espesyal ki te fè yo santi yo gen de kè. Kontribisyon sa a montre ke siksè sou teren an depann de yon "enfrastrikti envizib" ak yon lojistik solid nan background nan; li te deja konn bati lestomak jwè yo anvan li te vin enjenyè pou l ede bati edifis tankou Centre Culturel Marie Louise Coidavid la nan Wanament.

Fyète sa a te rive nan pi wo nivo li lè ekip foutbòl vil la te sakre chanpyon nan Mondialito Del Norte nan lane 1973 nan vil Okap, ki se te pi gwo chanpyona rejyonal foutbòl nan Nò peyi a. Yo te rive bat ekip Pòmago a nan penalite, apre yo te fin echwe nan yon final kontwovèse devan Lakil di Nò an 1972. Rezilyans sa a montre pèspektiv yon pèp ki pa aksepte enjistis kòm yon fen; echèk nan fènwa a te sèlman simante volonte yo pou yo triyonfe nan limyè ane apre a. Non vanyan gason sa yo tankou Boby, Jean Baptiste Salomon, Jojo Justafort, Gracius, Phaneus, Georges ak Gerard (2 ti jimo yo), Ti Gerard, Edx (Bèd), Hernst Manigat, Kiki Previl, Ti Wilfrid, Jasmin (Ti Tchotchèl), Guy Pradieu, ak Alix Etienne, antre nan istwa vil la pou tout tan.

Lè nou gade istwa sa yo, nou wè yon Ayiti ki te konn genyen paske li te konn travay fòs li nan inite. Viktwa istorik sa a te konfime ankò nan Koup Pepsi Kola an 1986 nan vil Terrier-Rouge ak yon jenerasyon ki te deside pran relèv la, tankou Za, Yvan Jean-Bernard, Joseph Edgar Dumay, Lucksé Joseph, Nènè Genard, Kenold Salvant, Webster Jean Pierre, Wanex Lalane; Boyo, Nason Genard, Pony, Veuillot Jean-Pierre, Wanche Valmyr Rodolphe (Roro); Pierre, Angelo Bernadin, Edner, Michel Ti Cholo, Hervé Joachim, Harold, elatriye. Sa a se prèv yon transmisyon dirab, kote siksè a pa t yon aksidan men se te rezilta yon kilti ekselans ki te pase de yon jenerasyon nan yon lòt. Se te yon peryòd kote tout kouch sosyal te leve kanpe tankou yon sèl blòk, sa ki montre ke lè gen vizyon ak disiplin, siksè a vin tounen yon patrimwan pou tout kominote a.
Volebòl: Yon referans nasyonal ak yon lekòl lavi.


Pi lwen pase foutbòl, Wanament kanpe kòm yon veritab 'Bèso Volebòl' nan peyi a, yon referans nasyonal pèsonn pa ka neglije. Si jodi a Wanament se premye non ki vin nan bouch moun lè y ap pale de volebòl Ayisyen an, nou dwe sa an gran pati a vizyon epi kout men Mèt Joseph Edgar (Joe) Dumay ansanm ak rès manb ekip Vedette FC, kote majorite nan dirijan yo te tabli katye jeneral yo nan yonn nan ri ki pi bèl nan vil la, ki se ri Sen Pyè.
Se vre, an plis de pèfòmans li nan foutbòl, Mèt Joe pa t sèlman yon senp antrenè Volebòl ki te konn moutre jèn yo kijan pou yo sote ak frape boul; li te tounen yon pilye solid ki te bati yon veritab lekòl lavi kote disiplin te premye prensip. Kontribisyon li te depase teknik espòtif la; li te itilize volebòl kòm yon zouti pou rekrite jèn talan, pa sèlman pou fè pwen sou yon teren, men pou fòme sitwayen vanyan ki gen karaktè, onè, ak entegrite pou sèvi Ayiti. Nan fason li te konn dirije a, li te anseye ke solidarite nan ekip la se sèl fason pou nasyon an ka kenbe tèt li byen wo.


Lè n ap gade sa k te konn pase nan match sa yo, nou wè yo te plis pase yon senp lwazi; se te yon lekòl sitwayènte. Chak match te tounen yon selebrasyon pou diyite wanamentè k ap klere pou tout nasyon an. Nan mitan teren an, lè yon jèn te manke yon sèvis oswa li te fè yon erè, se pa t kòlè ki te genyen, men se te yon leson nan solidarite kote tout ekip la te konn leve l pou yo kontinye goumen ansanm. Chak pwen yo te make, te sèvi kòm yon miwa pou tout Ayiti wè sa ki posib lè gen lidèchip, vizyon, ak disiplin nan yon kominote. Fyète sa a te anrasinen nan yon respè pwofon pou eritaj nou, sa ki te fè chak defile, ak chak match tounen yon moman kote entegrite jèn yo te briye pi fò pase nòt yo te fè sou tablo a.


Peyizaj ak Patrimwàn: Yon fizyon ant istwa ak lanati 
Richès natirèl ak istorik ki te nan vwazinaj Wanament te sèvi kòm yon sous konstan pou ranfòse fyète nasyonal la, kote anviwònman an te tounen yon rapèl permanent sou grandè ak potansyèl peyi a atravè yon idantite ki ankre nan tè a ak nan istwa nou. Nan miwa sa a, moniman istorik majeste yo tankou Sitadèl Laferyè, Ramye, ak Palè Sans-Souci nan Milo, pa t sèlman bèl wòch; yo te reprezante kapasite nou genyen pou n te fè gwo eksplwa pou limanite.

Fyète sa a te debòde nan bèlte patrimwàn natirèl nou yo nan rejyon an, kote plaj tankou Chouchou Bay, Labadi, Baie de Mancenille, ak Cormier te ofri espas trankilite pou tout jenerasyon pase tan de kalite, sitou nan wikenn fèt Pak yo oubyen sezon joune rekreyatif yo. Menm jan tou, kaskad sou rivyè tankou Saut d’Eau Cana ak Saut d’Eau Acul des Pins te sèvi kòm sanktyè pou moun resouse nanm yo, patikilyèman pandan fèt patwonal Nòtredam 15 dawou a. Tout resous sa yo reprezante yon potansyèl touristik ak yon fòs anviwònmantal ki, si yo byen jere, ka sèvi kòm poto mitan yon ekonomi lokal dirab ki ka kreye travay pandan n ap pwoteje sa Bondye ak zansèt yo te kite pou nou briye nan je mond lan. Lespri kominote sa a te manifeste menm nan aktivite ki pi senp yo, tankou transpò piblik.


Transpò ak dimansyon mounite pou yon leson fratènite
Menm nan fason moun te konn deplase lontan, te gen yon "MOUNITE", yon dimansyon imen ki sanble ap disparèt jodi a. Sistèm transpò a pa t sèlman yon biznis pou fè kòb; se te yon veritab sèvis piblik kote respè ak solidarite te gen plis valè pase pwofi. Jodi a, nou ka wè gen kèk amelyorasyon nan kalite wout yo epi machin yo ka pi rapid, men nou dwe mande tèt nou: èske se kondisyon vwayaj la ki amelyore vre, oubyen se senpleman wout yo ak vitès la? Pandan nou bati kèk pi bon wout, nou sanble ap pèdi nannan relasyon moun ak moun yo. Kesyon solidarite a ak sipò nou te konn bay yonn lòt vin pi mal, kote vitès ranplase respè epi pwofi ranplase mounite.


Machin pa t sèlman tòl ak kawotchou, yo te gen nanm!. Nou pa ka bliye gwo komèsan ak chofè ki te konn fè wout la tounen yon fèt, tankou Gracia Poisson (Pokipa), Tophane Pierre (La Sainte Famille), Bernathus, Camelot ak Delile, Ti François, Morel, Zo Bruno, Ti Jean Nassa, Georges Benjamin, Ti Yòl (Eben Ezer), Boudou, Maille ak Bibi, Murat, Joie, Loulou, Dac, Frank, Pierre Antoine, ak Saint-Etienne. Diferans lan klè: dantan, se pa t wout la ki te fè vwayaj la bèl, se te moun yo; jodi a, nou gen wout, men nou manke moun. Sa montre nou ke devlopman tout bon an pa chita sèlman nan asfalt, men li chita nan jan nou trete yonn lòt kòm sitwayen k ap viv ansanm.
Epi, an n serye: ki moun ki ka bliye "klaksòn" inik chak machin sa yo? Se te tankou yon anprent sonò; depi machin nan parèt nan antre vil la, tout moun te ka di: "Weeee, se tèl ou tèl machin ki antre wi!" Dèyè chak bon chofè, te gen yon ekip vanyan, travayè kamyon ak moun ki te konn bay machin yo jarèt tankou Bordecoup, Palto, Francisque, Jean Baptiste (pou Joie), Pelaille, Gerome, Pelouchen, ak Petichoute. Moun sa yo ki te fè pati de idantite kominote nou an. 


Transpò dantan an te makònen ak edikasyon pou trase chemen mobilite sosyal pou tout yon jenerasyon. Chofè ak travayè kamyon sa yo te tounen veritab "gadyen" vil la ak pwotèktè lavni nasyon an. Yo te konn vwayaje ak jèn yo tankou se pwòp pitit yo; yo te konn pote komisyon, resevwa mesaj, epi asire sekirite ak diyite timoun ki t ap desann Okap oswa Pòtoprens pou al lekòl. Si yon timoun te gen mal kamyon, se chofè ak travayè yo ki te manman, ki te papa! Se te yon sistèm kote transpò a te garanti pou pitit Wanament te ka al chache konesans byen lwen pou yo tounen vin sèvi kominote yo. Sa ki montre ke san yon transpò ki gen "mounite", edikasyon ak pwogrè sosyal ap toujou jwenn baryè. 
Nou pa ka pale de fòs machin sa yo san nou pa voye yon kout chapo nan vwazinaj, Terrier-Rouge. Vil sa a se te "laboratwa" rejyon an! Gras a Atelye Pwofesyonèl ak Lekòl Teknik li yo, bon mekanisyen ki te konn dekoud ak rekoud motè, se sa ki te konn bay rejyon an rannman sa yo. Sa montre aklè kijan Fòmasyon Teknik se poto mitan devlopman: si yon kamyon t ap ranni sou wout la, se paske yon men majik ki soti Terrier-Rouge te pase ladan l. Atelye teknik Terrier-Rouge yo montre nou kijan fòmasyon pwofesyonèl lokal se sèl mwayen pou garanti mobilite sosyal ak efikasite sèvis piblik nan tout peyi a.

An rezime, "Mounite" nan sistèm transpò dantan an te yon veritab pon pou edikasyon ki te pèmèt pitit Wanament al chache konesans byen lwen nan diyite ak sekirite. Se te yon "kontra fidelite" ant chofè ak paran ki te sèvi kòm yon enfrastrikti envizib pou pwoteje jèn yo, kote respè te toujou pase anvan pwofi. Nan modèl sa a, chak timoun ki te rive reyisi lekòl pa t sèlman yon fyète pou fanmi l, men reyisit sa a te tounen yon viktwa pou tout kominote a, paske siksè chak grenn jèn te sèvi kòm yon patrimwàn kolektif ki simante avni nasyon an.
Madan Sara ak gwo komèsan yo: Matris yon Ekonomi Sosyal ak Solidè
N ap louvri pòt sou Madan Sara ak gwo komèsan nou yo, moun ki te reprezante veritab matris devlopman dirab peyi a, kote vil pwovens yo pat janm sispann alimante metwopòl yo nan yon mouvman lavi ki san parèy. 

Gwo poto mitan sa yo nan Wanament tankou Man Jeanty Dorisia Abellard, Mariette Man Meus Valcourt, Man Luc Cadet, Wilmain ak Man Wilmain Pierre (papa ak manman Enjenyè Wideline Pierre), Man Dantes, Moralès, Marques Alfred, Man Rene Edouard, Mona, Man Saint-Croix, Albertone Albert, Man Horace, Marie François, Innocent, ak Sousou, te gen yon fason yo marye nan dekò a, kote yo te fòme yon sèl kò ak yon sèl fanmi ki te fè san Ayiti sikile ak fasilite nan chak venn teritwa a. Moun sa yo se te manman ak papa tout moun sou wout la; yo pa t sèlman ap chache lavi pou fanmi yo nan transpòte machandiz, yo t ap transpòte lavi, lespwa, ak diyite yon pèp! Atravè devouman yo, yo te asire yon echanj pèmanan ant mòn ak lavil, kote trete yonn ak lòt tankou se pwòp san yo te pi enpòtan pase chif ak benefis.

Modèl sa a dekri yon ekonomi sosyal ak solidè ki te chita sou yon valè moral ki rele onè, kote devlopman an te andojèn paske, byen antandi, li te soti nan fòs pwodiksyon lokal nou an ki te garanti yon otonomi tout bon vre. Se te yon ekonomi sirkilè kote Madan Sara yo te sèvi kòm pon solid pou konekte jaden ak tab, sa ki te bay ekonomi lokal la yon fòs san parèy epi pwoteje nasyon an kont depandans. Kalite lespri sèvis sa a, ki melanje ak respè ak solidarite, se li ki te nannan fòs tout vil pwovens nou yo, kote sikilasyon byen ak moun te chita sou onè. Se modèl sa yo nou bezwen pou n rebati yon Ayiti, yon peyi k ap briye nan "miwa" listwa nou an, kòm yon egzanp vivan pou le tan ak pou letènite.
Souverènte nan asyèt: Miwa yon ekonomi ki te bay lavi.

Lontan, kwizin moun Wanament te yon veritab fèt pou lasante ak yon gwo pilye pou souverènte alimantè nou. Chak plat te gen yon diyite ladan l, paske li te soti nan nannan tè agrikòl nou yo, san pèstisid, oswa lòt tip pwodwi chimik ki kapab lakòz maladi "Obèz" ak lòt kalite soufrans agrikilti modèn nan ap koze jounen jodi a. Idantite nou te chita nan yon divèsite manje ki pa gen parèy. Chak jou preske se te yon plat diferan, yon richès gou ki te soti nan viv alimantè rive nan sereyal lakay. Se pa t monotoni "diri chak jou" a, men se te yon varyete ki te konn bati kò moun.

Sepandan, jodi a nou twouve nou nan yon sitiyasyon kote nou pèdi kontwòl asyèt nou. Nou soti nan yon pwodiksyon natif-natal pou n tonbe nan yon depandans total sou pwodwi enpòte ki souvan chaje ak pwodwi chimik, sa ki vin detwi sikwi ekonomik lokal nou an. Chanjman sa a rive paske nou sispann valorize travay tè a, nou kite chèn solidarite ki te egziste ant mòn ak lavil, ant vil pwovens yo ak metwopòl yo, febli, epi tou nou kite mache nou yo anvayi ak sa lòt moun pwodwi.

Lè nou te chwazi manje natif-natal sa yo nan tan lontan, nou pa t sèlman ap pwoteje kò nou, nou t ap alimante yon sikwi ekonomik dirab. Se te yon chenn solidarite kote Madan Sara ak ti machann yo te sèvi kòm yon pon solid pou konekte jaden nou ak tab nou, sa ki te bay ekonomi lokal la yon fòs san parèy. Manje sa yo te garanti lavi san li pa anpwazonnen popilasyon an.

 Sipòte sa k soti lakay te plis pase yon chwa; se te sèlman yon pèp ki te deside mèt vant li pou l ka mèt desten li nan onè ak respè. Se vwayaj sa a nou dwe fè nan sans envès jodi a: sispann depann sou sa k soti deyò pou n ka reprann diyite nou ak sante nou.
Lavi Asosyativ: Matris angajman ak kapital sosyal.

Lespri devouman an te jwenn pi bèl ekspresyon li nan lavi asosyativ la, ki te sèvi kòm yon veritab poumon pou devlopman vil la. Asosyasyon jèn tankou ACO (Association Culturelle de Ouanaminthe, ki te evolye pou l tounen Action Communautaire des Ouanaminthais) ansanm ak Nouvelle Generation Culturelle de Ouanaminthe (NGCO) pa t sèlman reprezante gwoup zanmi k ap amize yo; yo te tounen gwo fòs òganize ki te enplike ak tout nanm yo nan pwogrè kominote a.

Lè nou gade aktivite jèn sa yo, nou wè yon modèl oto-jesyon kominotè kote popilasyon an pa t ap tann Leta pou l aji. Sa te soti depi nan òganize chanpyona foutbòl ant katye rive nan kous bekann ki te konn fè tout vil la vibre, kote nou pa ka bliye gwo demonstrasyon ekilib sipèsta Ulson Joseph (ke tout moun te konnen sou non Zakolo) te konn bay, yon detay ki montre kijan talan endividyèl te sèvi pou anime lavi kolektif la. Inisyativ sa yo te rive jwenn somè yo nan gwo pwojè enfrastrikti tankou konstriksyon teren baskètbòl sou plas piblik la, yon reyalite ki te jèmen nan vizyon Hugues Bastien (PAS).

Pwojè sa a te rive konkretize gras ak yon mobilizasyon kolektif kote chak moun te pote yon konpetans espesifik: soti nan konesans teknik Enjenyè Rommel Abellard, rive nan fòs pratik ak kolaborasyon Boss Tiba (Ponas, chounamanman, banm on Tiprit, La vie des nuls en inférieur macaque, hijo del padre de la vocsalidad), Alain Louis, Ti Papi (Charles Pierre-Jacques), Hervé Joseph (Veve), Saint Germain Bien-Aimé (Mainmain), Ebderson Pierre (Sony), Junon Jean-Baptiste, Ti Samuel Dagwe (R.A.P), Nebo Mompoint, Manno, ak Tibault. Seksyon sa a nan istwa vil la montre nou ke solidarite te poto mitan lavi moun yo, yon angajman ki te kreye yon tèren fètil pou ekselans nan domèn espò ak jenès.

Fanmi Gabaud ak Jean-Pierre : Miwa yon Ayiti ki te chita sou diyite ak transmisyon
Si n ap chèche yon miwa ki pou montre nou ki jan Ayiti te konn pwodwi fanmi ki gen valè, nou oblije koube nou byen ba pou n salye Fanmi Gabaud, ki melanje ak Fanmi Jean-Pierre. Nan Wanament, non sa yo se pa sèlman siyati, se enstitisyon, veritab referans nasyonal kote sèvis ak kominote fè yon sèl. Gabaud ak Jean-Pierre se prèv vivan kote yon fanmi ka vin tounen nanm yon vil, kote chak grenn moun ladan yo mete pwofesyon yo ak talan yo nan sèvis tout moun ak yon rektitid ki pa janm fayi.

Nan miwa sa a, nou wè yon Ayiti kote "Legacy" te pase de papa an pitit. Lakay yo, foutbòl se pa t yon senp lwazi, se te yon relijyon, yon pasyon ki koule nan venn chak jenerasyon. Men, pi lwen pase boul la, se te yon lekòl lavi ki baze sou respè pou tèt yo ak respè pou moun. Depi sou granmoun rive sou timoun, se yon liy vanyan gason ak fanm ki fèt ak balon nan pye yo, men tou ak yon sans solidarite ki pa gen limit: yon men lonje ni pou fanmi, ni pou etranje ki nan bezwen.
Yo te toujou aktif, non sèlman sou teren an kote yo te konn fè maji ak boul la, menm jan ak Ronaldinho oubyen Zidane, men tou kòm pwofesyonèl modèl, kòm mizisyen, ki rive ponn yonn man pi gwo batè nan mizik konpa a. Fanmi sa a, ki soti nan nannan 4e Seksyon Savanolèt, ban nou yon melanj pwodiksyon moun ak fyete, kote angajman yo se yon mak fabrik.

Yo kite yon eritaj nan Wanament ki pa gen parèy, yon eritaj ki chita sou yon pasyon pou sa y ap fè ak yon onètete ki sèvi modèl. Yo se yon pati nan idantite vil la, men yo se pi gwo refleksyon de sa nou te ye kòm nasyon: yon pèp kote fanmi te sèvi rasin pou bati lavni nan diyite. Non yo ap rete grave nan memwa vil la, tankou yon miwa k ap klere pou montre nou chemen grandè a, pou le tan ak pou letènite.


Yon apèl ijan pou yon revèy kolektif ak yon koudèy nan miwa konsyans nou
Gade dèyè sa a pa ta dwe yon senp egzèsis nostalji oswa yon refij nan souvni ki pase. Li vle poze nou yon kesyon fondamantal: Kijan yon kominote, ki te bati sou poto mitan disiplin, kilti, ak solidarite san fay, rive plonje nan dekadans moral ak enstitisyonèl n ap viv jodi a? Repons lan pa kache lwen: dekadans sa a rive lè nou sispann wè bon modèl yo kòm nòm pou sosyete a. Lè disiplin ki te anseye nan èspò pa t jwenn relèv nan politik piblik Leta a, espas la te vin vid pou vyolans ak "mizik betiz" anvayi lespri jèn yo. Nou soti nan yon epòk kote Madan Sara yo ak chofè tankou Gracia Poisson te reprezante yon "matris lavi" ki baze sou onè, pou nou tonbe nan yon sistèm kote pwofi ranplase "mounite". Nou pèdi fil la paske nou sispann nouri "lekòl lavi" sa yo, epi nou sispann kwè nan pwòp tèt nou kòm mèt desten nou, jan fanmi Gabaud ak Jean-Pierre demontre sa nan entegrite yo.

Yon estrateji pou rekonstriksyon: Soti nan kriz pou n al nan aksyon
Pou Wanament rejwenn ekla li, nou dwe konprann ke rekonstriksyon an pa sèlman nan mete beton, men nan rebati nanm moun. Fòk gen yon aksyon serye ki chita sou twa poto mitan:


1. Enfrastrikti ak Diyite: Nou pa ka pale de fyète san wout modèn, san yon sistèm sante solid, ak yon anviwònman pwòp. Se baz fizik ki pou pèmèt "mounite" a fleri ankò.
2. Restorasyon Enstitisyonèl: Li ijan pou n enplike a fon nan kesyon espò ak gade sant kiltirèl yo, non pa kòm senp bilding, men kòm espas devlòpman talan pou n ofri jèn yo yon altènatif kont delenkans. Nou dwe tounen nan wout ki montre bon jan disiplin pou n fòme sitwayen ki gen karaktè.


3. Souverènte ak Ekonomi lokal: Valorize sit natirèl ak istorik nou yo (tankou Sitadèl la, oswa Labadi) se pa sèlman pou touris, se yon estrateji ekonomik pou n revitalize pwodiksyon lokal la epi retounen "mèt vant nou".
Apèl pou Wanament dantan an se yon kri pou n sispann gade nasyon an ap peri nan endiferans. Rekonstriksyon an mande pou nou mete men ansanm pou n rebati yon lavni kote timoun jodi a ka gen chans pou yo gen bèl souvni tou. Se nan tounen nan sous entegrite ak travay nou n ap jwenn fòs pou n trase wout yon demen k ap briye pou tout pitit tè a.
Otè atik la:


Abdel Abellard se yon Enjenyè-Agwonòm ki espesyalize nan domèn Anviwònman. Li gen plis pase 23 lane eksperyans travay nan Devlopman Dirab, Konsèvasyon Biyodivèsite ak Jesyon Resous Natirèl. Li genyen yon metriz nan Devlopman Dirab ak Biyoloji Konsèvasyon (University of Maryland, College Park, USA). Li dirije plizyè pwogram estratejik sou dlo, forè ak devlopman riral nan peyi d Ayiti, kou nan nivo entènasyonal.

TRADUIRE

Post Bottom Ad

Pages