Abdel Abellard, 20 Avril 2026
WANAMENT, Depatman Nòdès, vil fwontyè ki se poto mitan komès binasyonal nan peyi a, ap benyen jodi a nan larivyè yon gwo dezòd ki depase tout limit imajinasyon. Malgre li konsidere kòm yon "zòn komèsyal enpòtan", reyalite a se yon vil kote lalwa ak prensip anviwònmantal ak sosyal yo pa gen pyès fòs ankò.
Fenomèn polisyon ak son an tounen yon gangrèn k ap dechèpiye trankilite popilasyon an, kote siksè yon biznis, yon legliz, oswa yon aktivite piblik mezire sèlman avèk nivo desibèl li ka lage nan zòrèy vwazinaj la. Polisyon ak son a tounen yon diktati. Konsta a byen klè, se yon ti ponyen tou zwit sèlman, ou ka konte sou dwèt men w, nan biznis, aktivite piblik ak legliz nou yo, ki pa konfonn 'anbyans' ak 'agresyon' sou sante kominote a.
Nan yon atik ki te soti sou Facebook, nan dat 26 fevriye 2026, Jacques Eder Désamour (Vent Neuf) mete dwèt sou yon "kansè bri" k ap devore trankilite vil Wanament: koze motosiklèt k ap fè gwo eksplozyon bri ki sanble ak kout bal gwo kalib. Désamour montre, ak anpil fòs, kijan lejète otorite lokal yo, Lamèri, Lajistis ak Lapolis, pèmèt yon minorite pwopriyetè moto kenbe tout yon popilasyon nan gagann, soti nan tibebe ki nan bèso rive nan granmoun aje k ap soufri anba gwo bri ki ka mennen menm nan arè kadyak.
Pwen ki pi fò nan analiz li a chita sou yon reyalite ki fè mal: menm moun k ap vyole dwa sitwayen yo ak bri a rekonèt ke se Leta ki ba yo libète pou yo fè sa yo pito. Se yon rèl pou yon ijans sante piblik ak sekirite kolektif kote otè a te mande pou dirijan Wanament yo sispann gade moun k ap peri epi trase egzanp pou remete disiplin ak respè pou byennèt tout moun nan kominote a.
Pou nou byen analize kalite lavi nan vil Wanament, li nesesè pou nou pote yon kout je kritik sou fason espas piblik la ap jere, kote nwizans sonò vin tounen premye sous polisyon bri k ap dechire trankilite sitwayen yo. Nan premye liy yo, nou jwenn enstitisyon relijye yo ki, malgre misyon espirityèl yo, vin kenbe kominote a "an otaj" ak yon pratik sonò ki sanble ak yon agresyon dirèk. Pifò nan legliz sa yo enstale gwo baf ki bay vwa yo dirèkteman sou lari a, sa ki transfòme priyè ak chan yo an yon gwo bri k ap anvayi kay moun lannwit tankou lajounen, san okenn respè pou dwa sakre chak moun genyen pou yo repoze nan lapè.
Reyalite sa a gaye tou nan sektè komèsyal la kote lavi sosyal la vin makònen ak yon nivo desibèl ki depase tout limit nòmal. Yon vire won nan zòn kote klèb, ak ba yo konsantre, montre aklè kijan bri vin tounen sèl "langaj" sosyal ki valab nan vil la, kote volim mizik oswa mikwo vin tounen yon prèv prezans oswa pouvwa.
Sektè transpò a se petèt yonn nan pi gwo "lapès" k ap sakaje vil la kounye a. Motosiklèt yo anvayi chak ti kwen, epi chofè yo sèvi ak echapman oswa moflè modifye, gwo mizik byen fò nan machin ak motosiklèt, ak klaksòn ki rann lari a ensipòtab. Pwoblèm nan vin pi rèd chak lendi ak vandredi, ki se jou mache binasyonal yo. Depi 3 zè nan maten, bri gwo kamyon k ap fè rantre-soti nan fwontyè a konbine ak rèl motosiklèt bay yon lavalas bri jiska 11 zè nan lannwit. San okenn ajan polis pou kontwole koze klaksòn sa a, polisyon sa a ap kraze nè tout moun ki rete bò gran wout yo.
Dezòd la antre jis nan nwayo komès lokal la tou. Nan yon vil ki totalman dezentegre sou plan planifikasyon, magazen, boutik, mete gwo "katafal son" devan pòt yo pou atire kliyan. Chak biznis nan konpetisyon ak lòt pou wè kiyès ki ka jwe mizik pi fò, sa ki transfòme yon senp ti biznis an yon zòn lagè bri kote kliyan ak machann pa ka menm tande youn lòt pou yo pale. Menm ti kwafè nan Barber Shop yo ajoute pa yo, kote baf yo souvan pi gwo pase chèz y ap taye tèt kliyan yo.
Yon lòt fenomèn k ap fini ak rès trankilite ki te ka rete a se machin reklam/piblisite k ap sikile yo. Machin sa yo, ki gen gwo opalè sou tèt yo, ap vann tout kalite sèvis ak pwodui. Sa ki pi frape nou nan obsèvasyon nou yo, se "famasi mobil" k ap vann medikaman nan lari a sitou jou samdi. Yo sèvi ak anrejistreman k ap repete yon mesaj san rete ak yon nivo son ki tèlman wo, li travèse tout miray.
Ayisyen ki sot travay oubyen vwayaje ki bezwen repoze apre yon gwo trajè, jwenn tèt yo ap soufri anndan pwòp kay yo paske bri a pa gen baryè.
Nou pa ka inyore atitid anpil sitwayen ki ka deside leve yon bon jou epi mete gwo mizik nan lè yo vle, nan volim yo vle, pou satisfè ego yo. Anpil fwa, yo konn menm mete mizik la, yo soti al banbile, regle zafè yo, epi kite vwazinaj la ap krake anba bri k ap pete tenpan yo.
Nan mwa desanm, lari yo toujou chaje ak anbyans fèt, men li toujou akonpànye ak gwo bri "klorat" oubyen “peta” k ap pete san okenn kontwòl. Sezon sa a, ki ta dwe yon moman lapè ak rejwisans, ka tounen yon sous tèt chaje pou moun ki malad, granmoun, ak bèt ki sansib nan zòrèy, paske eksplozyon atizanal sa yo pa respekte okenn limit sekirite. Risk dife a toujou prezan, epi yon senp moman plezi nan fèt fen lanne yo ka fasilman vire an trajedi si yon peta mal tonbe nan yon zòn ki frajil, sa ki montre kòman mank kontwòl sou pratik sa yo ka mete sekirite kominote a an danje.
Lè sezon gwo chanpyona entènasyonal yo rive, tankou jou match Ayiti yo, Brezil ak Ajantin nan Koup di Mond oubyen Kopa Amerika, selebrasyon chak grenn gòl souvan pran yon fòm ki pi danjere ak kout bal k ap tire san mezire. Li enpòtan pou nou sonje , selon lwa fizik yo, tout sa k monte fòk li desann: apre bal la fin pèdi vitès li jiska v=0 nan pwen ki pi wo a, gravite (g≈9.8 m/s2) rale l desann ak yon vitès ki ka depase 60 mèt pa segonn. Sa ba li ase enèji sinetik (Ek=½mv2) pou li pèse kràn tèt yon moun oubyen twati kay an tòl yo. Yon bal mawon pa konn pasyon foutbòl, li jis chèche yon kote pou l ateri.
Nan Wanament, bri a vin twòp; li pa respekte ni moun malad, ni moun mouri. Se pa sèlman moto ak gwo baf, se yon debòdman klaksòn kamyon, vwati, k ap pete tèt moun tout lajounen. Sitiyasyon sa a fè malad yo pa ka rekipere nan lopital, epi menm mò ki nan simetyè yo pa ka jwenn diyite yo merite. Vrèmanvre, "repoze anpè" vin tounen yon senp eslogan nan bouch, paske nan mitan tout dezòd sa a, ni vivan ni mò pa ka jwenn lapè.
Sitiyasyon sa a lakòz anpil sitwayen ak moun nan dyaspora a kòmanse vire do bay sant vil la pou yo al chèche refij nan lòt kwen nan komin nan oswa nan rès depatman Nòdès la. Yo pito ale konstwi lwen, lage kò yo nan mòn oswa nan zòn ki pi rekile nan Depatman an, paske yo reyalize, repo ak trankilite vin tounen yon liks ke vil la pa ka ofri yo ankò. Se yon gwo pèt pou kominote a: lè moun ki gen mwayen pou envesti yo oblije kouri pou pwòp vil pa yo paske 'swa dizan Legliz' ak klèb yo tounen yon enstriman tòti pou zòrèy yo. Se tout yon ekonomi ak nanm vil la k ap deperi anba pwa yon dezòd sonò ki san fren.
Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ak Ministè Anviwònman an Ayiti fikse limit desibèl nan zòn rezidansyèl yo nan yon nivo ki pa dwe depase 55 dB nan lajounen ak 45 dB nan lannwit. Rezon an se paske ekspozisyon ak gwo bri sa yo gen yon efè devastatè sou kè moun, kote sa lakòz tansyon moute ak lòt pwoblèm kadyak. Zòrèy popilasyon an anba gwo menas tou; anpil moun ap rive pèdi kapasite pou yo tande byen san yo pa menm rann yo kont se bri ki koz sa. Men, sa ki pi danjere a se domaj li ka fè nan sèvo a, paske li anpeche moun jwenn somèy ki nesesè pou sèvo a repare tèt li, sa ki ka lakòz yon fatig kwonik k ap detwi entèlijans ak memwa moun yo.
Sante mantal kominote a se yon lòt viktim polisyon son an. Bri san kanpe sa a ka lakòz yon nivo strès ak anksyete ki wo anpil nan mitan fanmi yo nan Wanament. Moun yo ka vin pi agresif nan fason y ap pale ak aji, paske nè yo toujou sou tansyon. Pou yon moun ki bezwen konsantrasyon pou l travay oswa pou l reflechi, Wanament tounen yon prizon son kote se sèlman moun ki gen vwa ki pi fò a ki gen dwa pale. Sa a se yon atak sou diyite moun ak sou dwa chak sitwayen genyen pou l jwenn yon anviwònman ki an sante.
Yon pwen ki dechire kè nou nan kriz sa a, se efè sa ka genyen sou timoun yo nan lekòl. Nan anpil katye nan Wanament, lekòl yo antoure ak biznis, legliz, oswa yo bò lari kote motosiklèt ak machin reklam ap pase san rete. Yon timoun ki nan yon klas kote yon pwofesè oblije sispann pale chak de (2) minit paske yon chofè ap klaksonnen nan zòrèy li, se yon timoun k ap pèdi chans pou l aprann byen, epi nan bon kondisyon. Polisyon bri a ap kreye yon "andikap aprantisaj" nan mitan jenerasyon k ap vini an, sa ki pral gen gwo konsekans sou nivo edikasyon ak devlòpman vil la nan ane k ap vini yo.
Vil Wanament se senpleman yon egzanp ki pi fò, men se tout rès peyi Dayiti k ap reponn "Prezan" nan dezòd sa a k ap detwi nannan lavi nan kominote yo. Ijans lan pa sèlman yon kesyon "bri", men se yon kesyon "lavi". Pou nou retire kominote yo nan twou sa a, sa mande yon aksyon kowòdone nan tout nivo Leta ak sosyete a.
Solisyon an chita nan yon lidèchip ki oze aplike yon vrè politik “zonage et Urbanisme acoustique”, kote nou separe anbyans komèsyal ak trankilite rezidansyèl la. Lè nou tabli "Koridò pou Bri" sou gwo boulva yo epi nou enpoze règleman sevè tankou "Règ 100 mèt" pou pwoteje lopital, lekòl, ak simityè, n ap fè plis pase ranje yon pwoblèm teknik; n ap bati yon vil ki sanble konsidere bezwen pitit li tout plim, tout plimay. Modèl devlòpman andojèn nou an ap konplè sèlman lè nou rive mete baryè fizik ak limite kantite sous nuizans sosyal, sou tout fòm, pa sèlman sonò.
Se nan nivo respè sa a n ap montre rès peyi a chemen pou yo swiv la, kote yon vil pa sèlman yon kote moun ap kouri dèyè lajan, men se yon espas kote chak sitwayen, vivan kou mò, ka jwenn diyite ak kalm yo merite.
Li ijan tou pou gen yon vrè politik “Aménagement du territoire”. Sa vle di pou Gouvènman Santral la, atravè Komite Entèministeryèl pou Amenajman Tèritwa (CIAT), kontinye defini aklè ki kote ki zòn rezidansyèl, komèsyal, ak endistriyèl.
Leta Ayisyen dwe pibliye ak mete an aplikasyon dekrè ak règleman ki fikse nòm (estanda) sou nivo desibèl ki otorize nan chak zòn, pou n sispann bati nan dezòd. Ministè Anviwònman an patikilye dwe asire siveyans kalite anviwònman a epi bay sanksyon administratif a moun k ap polye zòrèy popilasyon an, pa egzanp, yo te ka mete gro taks sou bri nan lojik pou aplike yon politik dekourajman. Ministè Jistis dwe bay direktiv klè pou lwa yo sispann rete nan tiwa, men pou yo sèvi kòm zouti pou pwoteje lapè sitwayen yo. Ministè Kilt pa ka kontinye rete yon senp distribitè 'pèmi fonksyònman' san li pa rann kont sou dega legliz yo ap lakòz nan zòrèy popilasyon an. Bay yon enstitisyon relijye rekonesans legal pa ta dwe janm vle di ba li yon 'paspò' pou l pilonnen trankilite piblik ak gwo bwat son (èspikè) ki depase limit.
Li ijan pou Ministè a soti nan silans li pou l aplike regilasyon sou nivo desibèl ki otorize yo, paske lafwa pa mache ak agresyon, epi yon priyè ki anpeche yon malad repoze oswa yon timoun etidye pèdi tout sans moral ak espirityèl li.
Nan nivo rejyonal ak lokal, Delege yo, Komisè Gouvènman an ak Sibstiti li yo gen devwa pou yo mete aksyon piblik an mouvman kont tout moun (pwopriyetè biznis, lidè relijye, oubyen chofè) ki vyole dwa moun pou yo gen trankilite. Yo dwe asire ke règleman minisipal yo ak lwa nasyonal yo aplike san paspouki. Lapolis Nasyonal (PNH), antanke fòs piblik, dwe la sou teren an pou fè respekte zòn silans yo, entèvni nan ka dezòd bri, epi konfiske materyèl ki sèvi pou tizonnen popilasyon an.
Lamèri antanke premye otorite nan vil la, dwe "rekoud" pwoblèm nan nan bay pèmi fonksyònman ki limite ak kondisyon estrik. Li dwe gen sèvis enspeksyon ki veye si biznis yo respekte limit yo.
Enstitisyon inivèsitè tankou Université Roi Henri Christophe de Limonade (URHCL) ak Université Jean Price Mars de Ouanaminthe (UJPM) dwe jwe wòl yo kòm "sèvo" kominote a. Yo dwe reyalize etid anviwònmantal ak sosyal sou enpak bri a sou kominote yo yon fason pou bay otorite yo done syantifik pou yo pran pi bon desizyon nan politik piblik.
Pa ka gen chanjman san yon gwo kanpay sansibilizasyon nan tout nivo (lekòl, legliz, medya eksetera…). Chak sitwayen dwe konnen non sèlman dwa li genyen pou l jwenn repo, men tou devwa li genyen pou l pa nwi lòt moun. Se yon travay edikasyon sivil ki dwe fèt bò kote otorite lokal yo ak sosyete sivil la.
Li lè pou otorite yo sispann fèmen je yo sou dezòd bri k ap taye banda nan katye nou yo. Se pa sèlman yon kesyon de 'Gwo Bri', se yon kesyon de dwa moun. Lidè relijye yo ak pwopriyetè biznis yo dwe konprann ke modènite ak lafwa pa mache ak agresyon sonò. Yon sosyete kote lalwa sou desibèl pa respekte se yon sosyete k ap sakrifye byennèt jenerasyon k ap vini yo sou lotèl yon anbyans san kontwòl. Yon vil ki pa gen trankilite se yon vil ki pa ka reve. Li lè pou n reduii volim bri nan Wanament, pou zòrèy, kè, ak sèvo moun ka jwenn repo, epi pou n bay pitit tè a yon chans pou yo grandi nan yon anviwònman ki respekte diyite yo kòm moun.
Otè atik la:
Abdel Abellard se yon Enjenyè-Agwonòm ki espesyalize nan domèn Anviwònman. Li gen plis pase 23 lane eksperyans travay nan Devlopman Dirab, Konsèvasyon Biyodivèsite ak Jesyon Resous Natirèl. Li genyen yon metriz nan Devlòpman Dirab ak Biyoloji Konsèvasyon (University of Maryland, College Park, USA). Li dirije plizyè pwogram estratejik sou dlo, forè ak devlopman riral nan peyi Dayiti, tankou nan nivo entènasyonal.
