Pour une nouvelle vision de la gestion des déchets dans nos villes. - ExplosionInfo

ExplosionInfo

Le Réseau de l'Information dans le département du Nord-Est d'Haiti.

Post Top Ad

Pour une nouvelle vision de la gestion des déchets dans nos villes.

Share This



Mwen vle pataje refleksyon sa a ki soti tou dwat nan dènye atik mwen te ekri sou jesyon vil nou yo nan peyi dAyiti. Yon vil pa sèlman yon rasanbleman moun, kay ak lari; se yon òganis vivan. Menm jan ak kò moun, yon vil gen yon metabolis tou. Pou li kapab rete an sante, fòk gen yon balans pafè ant sa li konsome ak sa li rejte. Pwòpte yon vil nan yon peyi an devlopman tankou Ayiti pa dwe yon aksyon pasajè, men se yon sistèm k ap fonksyone prèske 24 sou 24.

Pou yon konpreyansyon klè sou defi sa a, men 10 pilye fondamantal ki dwe gide tout politik piblik sou asenisman vil nou yo:":

  1. Kontinite ak frekans nan ranmase fatra: Pou evite akimilasyon dechè nan espas piblik la, li enpòtan pou gen yon sèvis koleksyon ki sistematik e regilye (fòk gen poubèl fiks nan lye piblik yo pou evite moun yo jete fatra atè). Pèmanans sèvis sa a se yon eleman fondamantal nan kontra sosyal la; li se poto mitan ki simante konfyans ant sitwayen yo ak enstitisyon leta yo. Nou dwe konnen kijou ak kilè ekipman pou pran fatra yo ap pase konsa moun yo kapab prepare yo an konsekans.
  2. Optimizasyon lojistik: Jesyon fatra mande yon flòt transpò ki koresponn ak topografi, epi reyalite vil nou yo. Li esansyèl pou nou genyen mwayen koleksyon ki kapab aksede a tout zòn, menm sa ki pi difisil yo, pou asire yon sèvis rapid epi efikas. Anplis de sa, tout veyikil yo dwe ekipe ak sistèm kouvèti yon fason pou anpeche dispèsyon fatra ak lapousyè toksik konsa n ap ka limite polisyon lè a pandan transpò a.
  3. Planifikasyon estratejik ak vizyon pou anpil tan (10 a 25 an): Li enpòtan pou nou soti nan yon jesyon "reyaktif" (lojik ponpye) pou nou antre nan yon planifikasyon dirab. Transfòmasyon sa a dwe chita sou yon baz solid tankou edikasyon ak sansibilizasyon sivik. Kidonk, chwa ak amenajman yon sit tretman fatra dwe fèt sou yon pwojeksyon plizyè lane yon fason pou evite deplasman inefikas fatra yo anndan espas vil yo (sa vle di depanse lajan pou ranmase fatra nan espas kote yo te bay pou mete fatra). Anvan tout desizyon, nou dwe mobilize ekspètiz akademik ak enstitisyonèl lokal oubyen nasyonal (piblik kou prive) pou reyalize etid enpak apwofondi. Apwòch sa a ka ede garanti respè nòm anviwonmantal ak sosyal yo epi limite degradasyon ekosistèm nou yo, jan estanda enstitisyon leta yo tankou MSPP, Ministè Anviwònman, DINEPA elatriye egzije sa.
  4. Optimizasyon jewografik ak vyabilite ekonomik: Chwa kote sit tretman fatra yo ye a dwe reponn ak yon lojik pwoksimite estratejik. Yon distans ki twò long ant zòn koleksyon yo ak sant dechaj yo ogmante depans operasyonèl yo (gaz, antretyen, tan elatriye..) yon fason ki egzajere. Si distans sa a pa optimize, li ka rann sistèm nan twò chè, sa ki riske konpwomèt pèmanans ak efikasite sèvis la nan yon tan ki long.
  5. Kategorizasyon ak tretman apwopriye pou lòt kalite fatra yo: Jesyon yon vil mande pou nou etabli filiè trètman separe pou dechè plastik, medikal, ak endistriyèl elatriye. Akòz nati ak danje dechè sa yo reprezante, yo pa kapab melanje ak fatra menajè (sitou fatra ki soti nan kay yo). Li enpòtan pou nou swiv protokòl ak nòm teknik MSPP,  Ministè Anviwònman ak DINEPA etabli yo. Yon jesyon konsa garanti sekirite sanite peyi a epi li minimize risk kontaminasyon chimik oswa biyolojik nan anviwonman nou.
  6. Prezèvasyon resous dlo ak entegrite tè a: Yon vil ki gen yon jesyon fatra ki efikas se yon vil ki priyorize pwoteksyon dlo ki anba tè li yo (nap freyatik la). Li enpòtan pou nou anpeche kontaminasyon tè a jodia pou nou pa degrade kalite dlo a. Si nou neglije pwen sa a, n ap kreye yon kriz dlo potab kote jenerasyon k ap vini yo pral oblije sipòte gwo depans piblik nan trete dlo (Kou sosyal kesyon an).
  7. Sanitasyon ak konfòmite teknik: Asenisman an, depi nan latrin rive nan fòs septik, dwe repoze sou respè strik nòm teknik DINEPA etabli yo. Konfòmite sa a se sèl garanti pou n asire yon jesyon poupou ki san danje. Lè nou swiv estanda sa yo, nou bati yon baryè efikas kont pwopagasyon mikwòb tankou kolifòm fekal nan fwaye nou yo ak nan espas kolektif yo, sa ki esansyèl pou sekirite sanitè peyi a.
  8. Priyorizasyon estratejik espas kolektif yo: Nan kad yon gouvènans vil nou yo ki efikas, li esansyèl pou enfrastrikti kritik tankou sant sante, enstitisyon edikatif, espas relijye, biwo administratif, twotwa ak plas piblik yo elatriye … gen priyorite absoli. Kòm yo se poto mitan lavi sosyal ak fonksyonèl yon vil, espas sa yo dwe sèvi kòm modèl referans pou estanda ijyèn ak pwòpte sou tout teritwa a. Yon jesyon konsa pa sèlman ankouraje yon kilti sivik nan popilasyon an, men li garanti tou yon anviwonman sen ki favorize mobilite ak devlòpman timoun yo nan espas piblik la.
  9. Konsepsyon teknik ak jesyon kanalizasyon: Efikasite yon sistèm drenaj depann de yon dimansyònman (gwo kalkil) ki fèt selon etid idwolojik serye. Li esansyèl pou enjenyè yo planifye kapasite kanal yo an fonksyon de debi dlo yo pral resevwa epi tou chanjman ki genyen nan sezon ak entansite lapli yo. Anplis de sa, operasyon kiraj (netwayaj) yo dwe fèt sistematikman anvan sezon lapli, ak yon obligasyon pou evakye tout sédiman (labou) ak dechè yo imedyatman apre yo fin retire yo nan kanal la. Si labou sa yo pa transpòte menm lè a, y ap retounen bouche sistèm nan, sa ki ka lakòz inondasyon ak polisyon lakay moun yo lè nou konsidere menm sachè poupou moun yo lage nan kanal yo.
  10. Lidèchip estratejik ak dinamik teritoryal: Transfòmasyon vil nou yo mande yon lidèchip solid nan nivo lokal ak nasyonal, ki konbine vizyon ak volontè politik fèm. Lidèchip sa a dwe kapab aplike yon kad reglemantè ki baze sou yon ekilib ant sansibilizasyon nan tout nivo, ensitasyon (ankourajman) ak sanksyon (disiplin) pou asire respè nòm yo. Li esansyèl pou nou sipòte inisyativ lokal yo atravè mobilizasyon resous lokal nou yo (lajan ki kolekte). Lè nou fè fas ak mank teknoloji pwent oswa kontrent finansye, se kapasite pou optimize resous lokal nou genyen nan men nou k ap garanti dirabilite aksyon nou yo.

Sa nou dwe sonje : Li enperatif pou n rekonèt ke povrete, antanke kondisyon ekonomik, pa dwe janm sèvi kòm jistifikasyon pou degradasyon anviwonman sanitè nou an. Pwòpte nan espas vil yo se rezilta dirèk yon gouvènans estratejik, yon jesyon ki baze sou entèlijans rasyonalize, ak yon lidèchip ki mete diyite moun nan nannan tout desizyon politik.

Nou genyen ase ekspètiz teknik pou nou depase lojik jesyon ijans la (aksyon ponpye) epi pou n tranzite vè sistèm ki pi dirab. Se devwa nou pou nou mobilize tout kapasite nou pou n bati yon kad ki sen, yon fason pou nou kite yon bon peyi pou jenerasyon k ap vini yo. Ayiti pa fèt pou l rete nan salte.

.

#Urbanisme #Haiti #DeveloppementDurable #GestionDesDechets #Environnement #Leadership #SantePublique #VillePropre

@Ministère des Travaux Publics, Transports et Communications (MTPTC) @Ministère de l'Environnement (MDE) @Ministère de la Santé Publique et de la Population (MSPP) @Mairie de Ouanaminthe @Inisyativ Lokal pou Chanjman @Ouanaminthe… @sektè jenes la

Otè atik la:

Abdel Abellard se yon Enjenyè-Agwonòm ki espesyalize nan domèn Anviwònman. Li gen plis pase 23 lane eksperyans travay nan Devlopman Dirab, Konsèvasyon Biyodivèsite ak Jesyon Resous Natirèl. Li genyen yon metriz nan Devlòpman Dirab ak Biyoloji Konsèvasyon (University of Maryland, College Park, USA). Li dirije plizyè pwogram estratejik sou dlo, forè ak devlopman riral nan peyi Dayiti, tankou nan nivo entènasyonal.


ExplosionInfo Médias Actualités 

TRADUIRE

Post Bottom Ad

Pages