« PA KA GEN ELEKSYON KREDIB SAN SEKIRITE,
LIBÈTE AK STABILITE »
Pozisyon ofisyèl SOCPAS
Septanm 2026
Dokiman nasyonal pou otorite piblik yo,
sosyete sivil la, sektè prive a, medya ak patnè entènasyonal yo.
1. PREANBIL AK VIZYON SOCPAS
Solidarité Citoyenne pour la Paix et la Stabilité (SOCPAS), nan misyon li pou ankouraje lapè, estabilite, sitwayènte, demokrasi ak enterè kolektif, konsidere kriz sekirite ak kriz politik peyi a kòm yon ijans nasyonal ki mande yon repons responsab, kowòdone ak dirab.
Ayiti ap konfwonte yon kriz miltidimansyonèl kote ensekirite, kriminalite òganize, feblès enstitisyon Leta yo, koripsyon, enpinite, divizyon politik, povrete, chomaj, deplasman popilasyon ak mank konfyans nan enstitisyon yo ap nouri youn lòt.
Nan yon kontèks konsa, kestyon eleksyon an pa kapab separe ak kestyon sekirite a.
Yon eleksyon demokratik pa sèlman mande yon kalandriye ak materyèl elektoral; li mande kondisyon kote sitwayen yo kapab patisipe lib, san menas, san entimidasyon epi san vyolans.
Prensip fondamantal
• Sekirite se yon kondisyon esansyèl pou egzèse dwa demokratik yo.
• Eleksyon dwe lib, enklizif, transparan, aksesib epi kredib.
• Lalwa dwe aplike pou tout moun san diskriminasyon.
• Pouvwa piblik se yon responsabilite, pa yon privilèj pèsonèl.
• Koperasyon entènasyonal dwe respekte souverènte, diyite ak kapasite nasyonal Ayiti.
Pozisyon santral
SOCPAS pa kont eleksyon. SOCPAS mande eleksyon. Men SOCPAS vle yon eleksyon kote pèp la kapab vote lib e kote rezilta yo kapab jwenn konfyans popilasyon an. Se poutèt sa òganizasyon an soutni prensip sa a: PA KA GEN ELEKSYON KREDIB SAN SEKIRITE.
2. KONSTA SOCPAS SOU KRIZ ENSEKIRITE A
Pou SOCPAS, ensekirite a pa dwe redwi sèlman ak prezans zam oswa aksyon gwoup kriminèl. Li se manifestasyon yon kriz Leta ak yon kriz gouvènans. Lè otorite piblik yo pa kapab garanti lavi, byen, libète mouvman ak aksè ak sèvis debaz yo, kapasite Leta pou egzèse otorite li sou teritwa a vin an kesyon.
Dis gwo manifestasyon kriz la
1. Gansterizasyon espas sosyal ak teritoryal yo.
2. Banditis ak kriminalite òganize.
3. Asosyasyon de malfektè ak rezo kriminèl.
4. Kriminalite ak enpinite.
5. Asasina ak vyolans kont lavi moun.
6. Divizyon politik ki bloke aksyon kolektif.
7. Divizyon sosyal ki febli solidarite nasyonal la.
8. Deplasman popilasyon ak destriksyon lavi kominotè.
9. Paralizi ekonomik, chomaj ak feblès envestisman.
10. Feblès sèvis piblik ak pèt konfyans nan Leta.
Ensekirite kòm pwoblèm gouvènans
Kriz la soulve kestyon sou kapasite enstitisyon yo, transparans, kontwòl resous piblik yo, efikasite jistis la, kapasite fòs sekirite yo, kontwòl teritwa a ak responsablite dirijan yo. Se poutèt sa yon repons serye dwe depase operasyon sekirite kout tèm epi entegre refòm enstitisyonèl, jistis, bon gouvènans ak devlopman sosyal.
3. ELEKSYON AK ENSEKIRITE: POZISYON SOCPAS
Eleksyon se youn nan prensipal mekanis demokrasi a. Men eleksyon pa ka egzèse nan yon vakyòm. Pou yon elektè vote lib, li bezwen kapab deplase, rive nan biwo vòt la, fè chwa li san presyon epi retounen lakay li an sekirite.
Kondisyon minimòm pou patisipasyon demokratik
• Libète mouvman pou elektè yo.
• Libète kandida yo pou fè kanpay.
• Aksè egal ak biwo vòt yo.
• Sekirite pèsonèl elektè, kandida, pèsonèl elektoral ak obsèvatè yo.
• Libète laprès ak libète ekspresyon.
• Pwoteksyon materyèl ak dokiman elektoral yo.
• Mekanis pou prevansyon ak rezolisyon konfli.
Si yon gwo pati nan popilasyon an pa kapab patisipe paske li pè vyolans, paske wout yo pa aksesib oswa paske kèk espas anba kontwòl fòs ki pa Leta, kredibilite pwosesis la vin yon kestyon lejitim.
SOCPAS pa mande pou abandone demokrasi
SOCPAS pa pwopoze ranplase eleksyon pa yon lòt sistèm. Li mande pou pwosesis elektoral la prepare sou baz yon evalyasyon objektif kondisyon sekirite yo. Objektif la se evite yon eleksyon ki ta vin yon senp fòm administratif san garanti reyèl pou patisipasyon sitwayen yo.
Prensip kle
« Pa ka gen eleksyon kredib san sekirite; pa ka gen demokrasi san libète; pa ka gen lapè dirab san jistis. »
4. 15 REKÒMANDASYON KONKRÈ BAY OTORITE EGZEKITIF AK ENSTITISYON KONSÈNE YO
1. Mete sekirite nasyonal kòm premye priyorite.
Defini yon estrateji nasyonal klè kont ensekirite, avèk objektif, responsab, delè ak mekanis evalyasyon.
2. Prepare yon plan sekirite espesyal pou eleksyon.
Plan an dwe kouvri peryòd anvan kanpay, kanpay, jou vòt ak peryòd apre vòt.
3. Fè yon kat nasyonal risk elektoral.
Klasifye zòn yo selon nivo risk pou oryante resous ak mezi prevansyon.
4. Pwoteje kandida ak elektè yo.
Garanti kondisyon minimòm pou patisipasyon san menas, entimidasyon oswa presyon.
5. Sekirize sant ak materyèl elektoral yo.
Pwoteje transpò, depo, distribisyon ak lokal vòt yo avèk pwosedi transparan.
6. Ranfòse kapasite PNH.
Mete plis mwayen, fòmasyon, planifikasyon ak mekanis rann kont nan dispozitif sekirite a.
7. Ranfòse jistis.
Asire zak kriminèl yo jwenn ankèt ak swivi jidisyè kèlkeswa pwofil moun ki enplike yo.
8. Konbat koripsyon ak enpinite.
Mete kontwòl sou itilizasyon resous piblik yo epi ranfòse mekanis kontwòl.
9. Pwoteje libète laprès.
Kreye kondisyon pou jounalis ak medya yo kapab travay san menas.
10. Pwoteje dwa moun.
Tout operasyon sekirite dwe fèt nan respè lalwa ak dwa fondamantal moun.
11. Mete jèn yo nan solisyon an.
Devlope pwogram sitwayènte, edikasyon, travay ak patisipasyon jèn yo.
12. Enplike sosyete sivil la.
Bay òganizasyon sitwayen yo plas nan edikasyon sivik, obsèvasyon ak prevansyon konfli.
13. Òganize dyalòg nasyonal.
Chèche yon minimòm konsansis sou règ demokratik, sekirite ak kalandriye politik.
14. Kreye mekanis prevansyon konfli.
Mete alèt bonè ak medyasyon nan zòn kote tansyon politik oswa sosyal kapab ogmante.
15. Ranfòse transparans ak rann kont.
Chak enstitisyon dwe rapòte sou aksyon li yo, resous li itilize ak rezilta li jwenn.
5. PLAN SEKIRITE-ELEKSYON SOCPAS AN 10 PYE
PYE 1 — DYAGNOSTIK NASYONAL
Fè yon evalyasyon reyèl sou sitiyasyon sekirite nan depatman, komin ak zòn ki dwe patisipe nan pwosesis la.
PYE 2 — KATOGRAFI RISK
Idantifye zòn ki gen gwo, mwayen ak ba risk pou planifye mezi sekirite ak aksè.
PYE 3 — PWOTEKSYON POPILASYON AN
Pran mezi espesyal pou pwoteje elektè yo, fanm, timoun, granmoun, moun ki gen andikap ak lòt gwoup vilnerab.
PYE 4 — PWOTEKSYON KANDIDA YO
Garanti menm règ ak menm nivo pwoteksyon legal pou kandida yo.
PYE 5 — PWOTEKSYON SANT VÒT YO
Sekirize lokal yo san entèferans ak libète elektè yo.
PYE 6 — PWOTEKSYON MATERYÈL ELEKTORAL YO
Asire transpò, depo ak distribisyon materyèl yo nan kondisyon sekirite ak transparans.
PYE 7 — PREVANSYON KONFLI
Mete mekanis alèt bonè, dyalòg ak medyasyon nan kominote ki gen tansyon.
PYE 8 — OBSÈVASYON SITWAYÈN
Pèmèt òganizasyon sosyete sivil yo obsève pwosesis la dapre règ klè.
PYE 9 — REPONS RAPID
Prepare pwotokòl pou reponn a menas, vyolans, entimidasyon oswa ensidan elektoral.
PYE 10 — EVALYASYON AK RANN KONT
Evalye chak etap, pibliye rezilta ki apwopriye epi korije feblès yo.
Objektif plan an
Plan an pa gen pou objektif militè oswa represif. Li vize kreye kondisyon kote otorite piblik yo kapab pwoteje sitwayen yo, garanti libète demokratik yo epi anpeche vyolans enfliyanse pwosesis elektoral la.
6. KRITÈ POU EVALYE SI KONDISYON ELEKTORAL YO REYINI
SOCPAS pwopoze pou preparasyon eleksyon an pa mezire sèlman avèk yon dat. Li dwe baze sou endikatè verifyab ki pèmèt aktè yo evalye si popilasyon an kapab patisipe lib.
KRITÈ KESYON POU VERIFYE
Aksè teritoryal Èske elektè yo kapab rive nan zòn ak biwo kote yo dwe vote?
Libète mouvman Èske sitwayen yo kapab deplase san gwo menas?
Libète kandida Èske kandida yo kapab fè kanpay ak rankontre elektè yo?
Sekirite sant vòt Èske lokal vòt yo kapab fonksyone san entimidasyon?
Libète medya Èske medya yo kapab kouvri kanpay ak eleksyon an san menas?
Pwoteksyon materyèl Èske materyèl elektoral yo kapab sikile san entèferans ilegal?
Kapasite enstitisyonèl Èske enstitisyon elektoral ak sekirite yo gen kapasite pou ranpli misyon yo?
Patisipasyon Èske diferan kategori sitwayen yo kapab patisipe san diskriminasyon?
Prevansyon konfli Èske gen mekanis pou jere tansyon ak plent rapidman?
Konfyans piblik Èske gen ase transparans pou popilasyon an kwè nan pwosesis la?
Prensip evalyasyon
• Evalyasyon yo dwe fèt sou baz done ak enfòmasyon verifyab.
• Kritè yo dwe aplike san patipri ak san diskriminasyon politik.
• Rezilta evalyasyon yo dwe sèvi pou korije risk yo, pa pou eskli sitwayen yo.
• Nenpòt desizyon enpòtan dwe eksplike piblikman nan respè lalwa.
7. BON GOUVÈNANS, JISTIS AK RESPONSABLITE POLITIK
SOCPAS konsidere bon gouvènans kòm youn nan poto mitan solisyon kriz la. Sekirite dirab pa kapab bati sèlman sou operasyon fòs lòd yo. Li mande enstitisyon ki lejitim, efikas, responsab ak transparan.
1. Ranfòse Leta de dwa
Lalwa dwe aplike pou tout moun. Sitwayen yo dwe kapab jwenn pwoteksyon ak jistis san yo pa bezwen koneksyon politik, ekonomik oswa pèsonèl.
2. Konbat koripsyon
Koripsyon febli kapasite Leta, detounen resous, ogmante mefyans epi ka kreye kondisyon kote rezo kriminèl jwenn espas pou grandi. Kontwòl finans piblik ak transparans dwe ranfòse.
3. Konbat enpinite
Lè krim pa jwenn repons, viktim yo pèdi konfyans epi kriminèl yo vin santi yo ka aji san konsekans. Ranfòse ankèt, pouswit ak pwosesis jidisyè se yon eleman esansyèl nan restorasyon otorite Leta.
4. Responsablite dirijan yo
Moun ki egzèse pouvwa piblik dwe rann kont sou desizyon yo, resous yo jere ak rezilta yo. Responsablite sa a dwe depase deklarasyon politik.
5. Yon nouvo kilti politik
Ayiti bezwen yon lidèchip ki rasanble olye li divize, ki sèvi olye li domine, ki respekte enstitisyon olye li pèsonalize yo, epi ki mete enterè nasyonal la devan enterè gwoup.
8. PAK NASYONAL POU LAPÈ, SEKIRITE, DEMOKRASI AK DEVLOPMAN
SOCPAS pwopoze yon Pakt Nasyonal ki ta chèche kreye yon baz minimòm pou aksyon kolektif. Objektif la pa ta dwe pataje pouvwa, men kreye kondisyon pou sove lavi moun, retabli otorite Leta, ranfòse demokrasi ak relanse devlopman.
Aktè ki ta dwe patisipe
• Otorite Leta ak enstitisyon piblik yo
• Sektè politik ak pati yo
• Sosyete sivil ak òganizasyon kominotè
• Sektè prive ak òganizasyon pwofesyonèl
• Legliz ak lòt aktè relijye
• Òganizasyon fanm ak jèn
• Inivèsite ak sant rechèch
• Medya
• Dyaspora ayisyen an
• Patnè entènasyonal yo
Angajman minimòm pakt la
1. Rejte vyolans kòm zouti pou pran oswa konsève pouvwa.
2. Respekte dwa moun ak prensip Leta de dwa.
3. Defann entegrite pwosesis elektoral la.
4. Konbat koripsyon ak enpinite.
5. Favorize dyalòg ak medyasyon.
6. Pwoteje enstitisyon demokratik yo.
7. Mete sekirite popilasyon an anvan enterè politik patikilye.
8. Travay sou solisyon ekonomik ak sosyal ki bay jèn yo opòtinite.
Vizyon final
Pakt la dwe pèmèt peyi a soti nan yon lojik kriz pèmanan pou antre nan yon lojik responsablite kolektif, planifikasyon, estabilite ak devlopman.
9. MESAJ SOCPAS POU KLAS POLITIK LA AK PATNÈ ENTÈNASYONAL YO
Pou klas politik la
SOCPAS mande aktè politik yo mete enterè nasyonal la devan kalkil elektoral ak enterè pèsonèl. Konpetisyon politik ka egziste nan demokrasi, men li pa dwe tounen yon sous destriksyon peyi a.
Nenpòt moun ki chèche dirije peyi a dwe prezante yon vizyon sou sekirite, jistis, ekonomi, edikasyon, sante, travay, enstitisyon ak devlopman teritoryal.
Pouvwa pa dwe yon mwayen pou richès pèsonèl oswa privilèj. Pouvwa se yon responsabilite piblik ki mande etik, konpetans ak rann kont.
Pou kominote entènasyonal la
SOCPAS rekonèt nesesite koperasyon entènasyonal. Men koperasyon dwe fèt nan respè souverènte Ayiti, dwa pèp la, transparans ak objektif pou ranfòse kapasite enstitisyon nasyonal yo.
Ayiti bezwen patnè ki ede l devlope kapasite pa li pou asire sekirite, jistis, sèvis piblik ak devlopman. Objektif la dwe depase jesyon kriz pou rive nan konstriksyon kapasite dirab.
Pou sektè prive ak dyaspora
Sektè prive a ak dyaspora a kapab jwe yon wòl enpòtan nan travay, envestisman, inovasyon, edikasyon ak solidarite. Yo dwe ankouraje inisyativ ki ranfòse pwodiksyon nasyonal, antreprenarya jèn ak estabilite kominote yo.
10. ANGAGEMENT SOCPAS AK REKÒMANDASYON POU AKSYON IMEDYA
Angajman SOCPAS
9. Kontinye defann lapè ak dyalòg.
10. Fè edikasyon sivik ak sansibilizasyon.
11. Denonse vyolans ak krim san patipri.
12. Ankouraje bon gouvènans ak rann kont.
13. Defann dwa sitwayen yo.
14. Ankouraje patisipasyon demokratik.
15. Konbat divizyon sosyal ak politik.
16. Travay pou estabilite kominotè ak nasyonal.
17. Pwopoze solisyon olye de sèlman denonse pwoblèm.
18. Rasanble aktè yo alantou enterè nasyonal la.
Aksyon imedya pwopoze
SOCPAS mande pou yon mekanis dyalòg ant otorite piblik yo, aktè politik yo, sosyete sivil la ak sektè prive a etabli pou evalye kondisyon sekirite ak preparasyon elektoral yo sou yon baz regilye.
SOCPAS mande tou pou gen rapò piblik sou nivo risk yo, sou mezi pwoteksyon yo, sou preparasyon enstitisyonèl yo ak sou mekanis prevansyon konfli yo, nan limit lalwa ak konsiderasyon sekirite pèmèt.
Prensip pou tout aktè yo
Pa gen okenn objektif politik ki dwe jistifye vyolans kont popilasyon an. Pa gen okenn enterè ekonomik ki dwe pase devan lavi moun. Pa gen okenn eleksyon ki dwe fèt sèlman pou satisfè yon dat si kondisyon demokratik fondamantal yo pa kapab garanti.
11. KONKLIZYON AK APÈL NASYONAL
Ayiti kapab soti nan kriz la, men sa mande kouraj politik, responsabilite sitwayèn, disiplin enstitisyonèl ak solidarite nasyonal. Nou pa kapab kite vyolans, krim, koripsyon ak divizyon tounen yon nòmal.
SOCPAS kwè nan demokrasi. SOCPAS kwè nan eleksyon. SOCPAS kwè nan dwa pèp ayisyen an pou chwazi dirijan li yo. Men SOCPAS kwè tou ke dwa sa yo dwe egzèse nan kondisyon ki pwoteje lavi, libète ak diyite sitwayen yo.
Se poutèt sa, òganizasyon an repete mesaj li a:
PA KA GEN ELEKSYON KREDIB SAN SEKIRITE.
PA KA GEN DEMOKRASI SAN LIBÈTE.
PA KA GEN LAPÈ SAN JISTIS.
PA KA GEN STABILITE SAN BON GOUVÈNANS.
PA KA GEN DEVLOPMAN SAN SEKIRITE.
PA KA GEN AVNI SAN SOLIDARITE NASYONAL.
Apèl SOCPAS
SOCPAS lanse yon apèl bay tout Ayisyen, tout sektè sosyal, tout aktè politik, tout enstitisyon Leta, tout òganizasyon sosyete sivil ak tout patnè entènasyonal yo pou mete enterè nasyonal la devan enterè pèsonèl oswa gwoup.
Nou dwe travay ansanm pou konstwi yon peyi kote moun kapab viv san laperèz, vote san menas, travay avèk diyite, voye pitit yo lekòl, jwenn jistis epi espere yon demen miyò.
SOCPAS
SOLIDARITÉ CITOYENNE POUR LA PAIX ET LA STABILITÉ
POU LAPÈ • POU STABILITE • POU DEMOKRASI • POU AYITI
Fèt nan dat 25 Septanm 2026
